Bib Sen An
Jacques 1
Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon. 2
Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi 3andirans. Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin 4pafè e konplè, san manke anyen.
Men si nenpòt nan nou manke sajès,5 kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. Men li dwe 6mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, tankou yon moun ak 7doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo. 8
Kite frè ki nan sikonstans ki ba, bay glwa nan wo pozisyon li; e kite moun rich la, bay glwa nan imilyasyon li, paske 9tankou zèb k ap fleri, li osi va disparèt. Paske solèy la leve avèk yon 10gwo chalè, epi 11zèb la seche; flè li tonbe, e bote aparans li an vin disparèt. Konsa tou, moun rich la nan mitan tout sa l ap chèche yo, li va vin disparèt. 12
Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo. Pa kite pèsòn di lè l tante: 13“Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn. Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè 14peche a fin akonpli, li pote lanmò. 15
Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo.
Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon. Nan egzèsis volonte Li, Li te 16fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankou17premye fwi pami kreyati Li yo.
Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, 18lan nan pale, e lan nan fè kòlè. Paske 19kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.
Konsa, annou 20mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou. 21
Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo. Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li 22nan yon miwa. Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.
Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va 23beni nan sa li fè.
Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa 24mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.
Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach 25de mond lan.
Source notes (25)
- Cross-reference Trav 12:17
- Cross-reference Mat 5:12; I Pi 1:6
- Cross-reference Luc 21:19
- Cross-reference Mat 5:48
- Cross-reference I Wa 3:9; Mat 7:7
- Cross-reference Mat 21:21
- Cross-reference Jc 4:8
- Cross-reference Luc 14:11
- Cross-reference I Kor 7:31
- Cross-reference Mat 20:12
- Cross-reference És 40:7
- Cross-reference Luc 6:22
- Cross-reference Jen 22:1
- Cross-reference Wo 5:12
- Cross-reference I Kor 6:9
- Cross-reference I Pi 1:3,23
- Cross-reference Rev 14:4
- Cross-reference Pwov 10:19
- Cross-reference Mat 5:22
- Cross-reference Ef 4:22
- Cross-reference Mat 7:24-27
- Cross-reference I Kor 13:12
- Cross-reference Jn 13:17
- Cross-reference Sòm 39:1
- Cross-reference II Pi 1:4
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.