Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Jacques 2

Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk 1patipri.

Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak 2rad sal, epi nou prete atansyon espesyal a sila ki 3byen abiye a, e nou di l: “Ou mèt chita la nan yon bon plas”, epi nou di a pòv la: “Chita laba”, oubyen: “Chita bò pye m nan”, Èske nou pa fè yon distenksyon pami nou menm, e nou vin jij 4avèk move lentansyon?

Koute, frè byeneme m yo, èske 5Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e 6eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo? Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal. 7Èske yo pa blasfeme bèl non pa sila nou te resevwa apèl la?

Men, si nou ap akonpli lalwa wayal la selon Lekriti a: 8“Nou dwe renmen vwazen nou, tankou tèt nou,” nou ap fè byen.

Men si nou 9montre patipri, nou ap fè peche e gen tan vin koupab devan lalwa kòm transgresè. Paske sila ki kenbe tout lalwa a, malgre sa, li 10tonbe nan yon sèl, li vin koupab de tout. Paske, Sila a ki te di: 11“Pa fè adiltè” a, Li te di tou: 12“Pa touye moun”. Alò, si nou pa fè adiltè, men nou touye moun, nou gen tan vin yon transgresè lalwa. Konsa, pale e aji kòm sila ki va jije pa 13lalwa libète a. Paske 14jijman va san mizerikòd pou sila ki pa montre mizerikòd la, paske mizerikòd triyonfe sou jijman. 15

Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 16Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, epi youn nan nou di yo: 17“Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? Menm jan an 18lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.

Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m 19lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”

Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. 20Demon yo kwè tou, e yo tranble. Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke 21lafwa san zèv vin initil? 22Èske Abraham, zansèt nou an, pa t jistifye pa zèv lè li te ofri Isaac, fis li a, sou lotèl la? Nou wè ke 23lafwa t ap travay avèk zèv li yo, e kòm rezilta a, 24zèv lafwa li a te vin pafè. Konsa, Lekriti a te akonpli sa ki di: 25“Abraham te kwè Bondye, e sa te konte pou li kòm ladwati,” e li te rele zanmi a Bondye a. Menmjan nou wè ke yon nonm jistifye pa zèv, e non sèlman pa lafwa a. Paske menm jan èske Rahab, fanm movèz vi a, p at jistifye pa zèv lè l te resevwa mesaje yo epi te voye yo ale pa yon lòt chemen an? Paske menm jan ke kò san lespri a mouri deja, menm jan an tou 26lafwa san zèv deja mouri.

Source notes (26)
  1. Cross-reference Trav 10:34
  2. Cross-reference Za 3:3
  3. Cross-reference Luc 23:11
  4. Cross-reference Luc 18:6
  5. Cross-reference Job 34:19
  6. Cross-reference Mat 5:3
  7. Cross-reference Trav 11:26
  8. Cross-reference Lev 19:18
  9. Cross-reference Trav 10:34
  10. Cross-reference Jc 3:2
  11. Cross-reference Egz 20:14
  12. Cross-reference Det 5:17
  13. Cross-reference Jc 1:25
  14. Cross-reference Pwov 21:13
  15. Cross-reference Jc 1:22
  16. Cross-reference Mat 25:35
  17. Cross-reference I Jn 3:17
  18. Cross-reference Gal 5:6
  19. Cross-reference Wo 3:28
  20. Cross-reference Mat 8:29
  21. Cross-reference Gal 5:6
  22. Cross-reference Jen 22:9,10,12,16-18
  23. Cross-reference Eb 11:17
  24. Cross-reference I Tes 1:3
  25. Cross-reference Jen 15:6
  26. Cross-reference Gal 5:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.