Bib Sen An
Jacques 3
Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè.
Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. 2Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.
Koulye a 3si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou.
Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito. Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li 4vante gwo bagay. 5
Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti! Konsa 6lang lan se yon dife, yon vre mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak 7pwazon mòtèl.
Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun 8ki fèt ak limaj Bondye. Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.
Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la? 9Èske yon pye fig frans, frè m yo, pwodwi oliv, oubyen yon pye rezen pwodwi fig? Ni dlo sale pa kapab pwodwi dlo fre.
Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa 10bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
Men si nou gen 11jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. Kalite sajès sa a pa sòti 12anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. Paske kote 13jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san 14ipokrizi. Konsa, 15grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.
Source notes (15)
- Cross-reference Wo 2:20
- Cross-reference Mat 12:34-37
- Cross-reference Sòm 32:9
- Cross-reference Sòm 12:3
- Cross-reference Pwov 26:20
- Cross-reference Sòm 120:2,3
- Cross-reference Sòm 140:3
- Cross-reference Jen 1:26
- Cross-reference Mat 7:16
- Cross-reference I Pi 2:12
- Cross-reference Wo 2:8
- Cross-reference Jc 1:17
- Cross-reference Wo 2:8
- Cross-reference Wo 12:9
- Cross-reference Pwov 11:18
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.