Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Tite 3

Raple yo 1pou soumèt yo a tout wayòm ak otorite yo, pou yo rete obeyisan, e2prè pou tout bon zèv pou pa di mal de pèsòn, men toujou 3pezib; janti, e montre tout konsiderasyon pou tout moun. 4

Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan 5twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.

Men lè 6bonte a Bondye, Sovè nou an, ak lanmou Li pou tout limanite a te parèt, Li te sove nou, 7pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an, 8ke Li te vide sou nou an abondans atravè Jésus Kri, Sovè nou an. Konsa nou te vin jistifye pa lagras Li, pou nou ta kapab vin 9eritye selon esperans a lavi etènèl la.

Sa se yon pawòl ki fidèl; epi konsènan bagay sa yo, mwen vle ou pale avèk konfyans, pou sila ki te kwè nan Bondye yo, kapab pridan pou 10angaje yo nan bon zèv. Bagay sa yo bon, e pwofitab pou moun.

Men 11evite 12konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.

Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman 13rejte yon nonm 14k ap mete divizyon. Byen konnen ke yon moun konsa 15pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.

Lè mwen voye Artémas oswa Tychique kote ou 16fè tout efò pou vini kote mwen nan Nicopolis, paske mwen deside pase sezon livè a la.

Byen vit, voye avoka a, Zénas ak 17Apollos nan wout yo pou yo pa manke anyen.

Moun pa nou yo dwe osi aprann 18angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke 19bay fwi.

Tout sila ki avè m yo salye ou. Salye sila ki renmen nou 20nan lafwa yo. 21Ke lagras avèk nou tout.

Source notes (21)
  1. Cross-reference Wo 13:1
  2. Cross-reference II Tim 2:21
  3. Cross-reference I Tim 3:3
  4. Cross-reference Wo 11:30
  5. Cross-reference II Tim 3:13
  6. Cross-reference Wo 2:4
  7. Cross-reference Ef 2:9
  8. Cross-reference Wo 5:5
  9. Cross-reference Mat 25:34
  10. Cross-reference Tit 2:7,14
  11. Cross-reference II Tim 2:16
  12. Cross-reference I Tim 1:4
  13. Cross-reference II Jn 10
  14. Cross-reference Wo 16:17
  15. Cross-reference Tit 1:14
  16. Cross-reference II Tim 4:9
  17. Cross-reference Trav 18:24
  18. Cross-reference Tit 3:8
  19. Cross-reference Mat 7:19
  20. Cross-reference I Tim 1:2
  21. Cross-reference Kol 4:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.