Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Tite 2

Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a 1bon doktrin nan.

Mesye nan laj avanse yo dwe 2tanpere, dign, rezonab 3solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.

Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo 4pa nan fè medizans, ni 5vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, 6fè travay lakay yo, janti, 7soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

Menm jan an, ankouraje 8jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. Nan tout bagay, montre tèt ou kòm 9yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou 10sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.

Ankouraje 11esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon, pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin 12Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.

Paske lagras Bondye 13gen tan parèt, e 14pote sali pou tout moun kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak 15dezi mond lan pou 16viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a 17gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri ki te 18bay tèt Li pou nou, pou 19rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.

Pale, 20egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.

Source notes (20)
  1. Cross-reference Tit 1:9
  2. Cross-reference I Tim 3:2
  3. Cross-reference Tit 1:13
  4. Cross-reference I Tim 3:11
  5. Cross-reference Tit 1:13
  6. Cross-reference I Tim 5:14
  7. Cross-reference Ef 5:22
  8. Cross-reference I Tim 5:1
  9. Cross-reference I Tim 4:12
  10. Cross-reference II Tes 3:14
  11. Cross-reference Ef 6:5
  12. Cross-reference Tit 1:3
  13. Cross-reference II Tim 1:10
  14. Cross-reference I Tim 2:4
  15. Cross-reference I Tim 6:9
  16. Cross-reference II Tim 3:12
  17. Cross-reference Tit 1:4
  18. Cross-reference I Tim 2:6
  19. Cross-reference Sòm 130:8
  20. Cross-reference I Tim 4:13

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.