Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Tite 1

Paul, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, e yon apot Jésus Kri, pou lafwa a sila ki te chwazi pa Bondye yo, ak 1konesans verite ki 2an akò avèk vi sentete a, nan 3espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo. Men 4nan tan konvenab la, pawòl Li te manifeste, ak mesaj sila a ki te konfye m nan, selon kòmandman a 5Bondye a, Sovè nou an, a Tite 6vrè pitit mwen nan yon lafwa ke nou 7pataje ansanm: Lagras ak lapè Bondye, Papa a, ak Kris Jésus, sovè nou an.

Pou rezon sa a, mwen te kite ou Crète, pou ou ta kapab mete nan lòd bagay ki potko fèt yo, e 8chwazi ansyen yo nan chak vil selon jan mwen te dirije ou a.

Kidonk, 9si yon nonm san repwòch, mari a yon sèl fanm, ki gen pitit ki kwayan, e ki pa akize de dezòd ak rebelyon.

Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm 10jeran zafè a Bondye, pa 11awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; men 12emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li, ki 13kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.

Paske gen anpil 14moun rebèl 15moun k ap pale pawòl anven ak moun k ap twonpe moun, sitou sila sikonsizyon yo, ki dwe rete an silans paske y ap boulvèse 16tout kay yo nèt, nan enstwi 17bagay ke yo pa ta dwe enstwi, pou koz a kòb ki sal.

Youn nan yo, yon pwofèt de pèp yo menm te di: 18“Moun Crète yo se toujou mantè yo ye, bèt mechan, parese ki manje twòp”. Temwayaj sa a vrè. Pou rezon sa a 19repwoche yo sevèman pou yo kapab vin solid nan lafwa, pa nan prete atansyon a 20vye istwa Jwif yo, ak kòmandman a lèzòm ki vire kite verite a.

Pou sila ki san tach la, tout bagay san tach, men 21pou sila ki souye e ki pa kwè yo, nanpwen anyen ki san tach, men lespri yo ak konsyans yo deja souye. 22Yo di yo konnen Bondye, men ak zèv pa yo, yo nye Li. Konsa, yo vin detestab, dezobeyisan, e san valè pou okenn bon zèv.

Source notes (22)
  1. Cross-reference I Tim 2:4
  2. Cross-reference I Tim 6:3
  3. Cross-reference II Tim 1:1
  4. Cross-reference I Tim 2:6
  5. Cross-reference Luc 1:47
  6. Cross-reference II Tim 1:2
  7. Cross-reference II Pi 1:1
  8. Cross-reference Trav 14:23
  9. Cross-reference Tit 3:2-4
  10. Cross-reference I Kor 4:1
  11. Cross-reference II Pi 2:10
  12. Cross-reference I Tim 3:2
  13. Cross-reference II Tes 2:15
  14. Cross-reference Tit 1:6
  15. Cross-reference I Tim 1:6
  16. Cross-reference I Tim 5:4
  17. Cross-reference I Tim 5:15
  18. Cross-reference Trav 2:11
  19. Cross-reference I Tim 5:20
  20. Cross-reference I Tim 1:4
  21. Cross-reference Wo 14:14,23
  22. Cross-reference I Jn 2:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.