Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 53

1

Se kilès ki te kwè mesaj nou yo?

Epi a kilès bra SENYÈ a te vin revele?

Paske Li te grandi devan nou kon yon 2boujon vèt,

e tankou yon rasin ki sòti nan tè sèk.

Li pa gen okenn bèlte nan fòm Li,

ni majeste pou nou ta gade sou Li,

ni aparans pou nou ta atire a Li.

Li te meprize e abandone pa lòm;

yon nonm ak gwo tristès

ki te konnen gwo soufrans,

ak tout maladi.

Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,

Li te vin 3meprize,

e nou pa t bay Li okenn valè.

Anverite, se doulè nou yo Li te 4pote

ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;

men nou te rekonèt Li kon moun pini,

frape pa Bondye e aflije.

Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.

Li te kraze pou 5inikite nou yo.

Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,

e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.

Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.

Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,

men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.

Li te vin oprime e aflije;

malgre sa, Li pa t ouvri bouch Li. 6

Tankou yon jèn mouton ki t ap mennen labatwa,

e tankou yon mouton ki rete an silans devan sila

k ap taye lenn li yo,

konsa Li pa t ouvri bouch Li.

Avèk opresyon avèk jijman Li te retire nèt.

Selon jenerasyon Li,

yo te konsidere Li te koupe retire nèt nan peyi a vivan yo,

ke Li te kraze 7 akoz peche a pèp Mwen yo.

Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo,

men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li,

malgre Li pa t fè okenn vyolans,

ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.

Men SENYÈ a te kontan 8brize Li;

pou mete Li nan gwo soufrans,

pou L ta rann Li menm kon yon ofrann koupabilite,

pou L ta wè desandan Li yo.

Li va pwolonje jou Li yo,

e bon plezi SENYÈ a va reyisi nan men Li.

Apre gwo doulè nanm Li an,

Li va 9wè limyè a,

e Li va satisfè.

Sèvitè Ladwati Mwen an va jistifye anpil moun

akoz konesans Li anvè Li menm;

e Li va pote inikite yo.

Konsa, Mwen va bay Li yon pòsyon ak gwo moun yo.

Li va divize piyaj ak moun pwisan yo,

akoz Li te livre 10nanm Li menm a lanmò,

e Li te konte avèk malfektè yo;

malgre Li te pote peche a anpil moun,

e te entèsede pou koupab yo.

Source notes (10)
  1. Cross-reference Jn 12:38
  2. Cross-reference És 11:1
  3. Cross-reference Mc 10:33
  4. Cross-reference Mat 8:17
  5. Cross-reference I Pi 2:24-25
  6. Cross-reference Trav 8:32-33
  7. Cross-reference És 55:5-12
  8. Cross-reference És 53:5
  9. Cross-reference Jn 10:14-18
  10. Cross-reference Mat 26:38-42

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.