Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 54

“Chante, O esteril la!

Ou menm ki pa t kapab fè pitit!

Eklate nan yon gwo kri lajwa, e kriye fò,

ou menm ki pa t gen doulè ansent lan!

Paske fis fanm 1abandone an va depase fis a

fanm ki marye yo”, SENYÈ a di.

“Agrandi anplasman tant ou;

lonje rido lakay ou, pa ralanti!

Fè kòd yo pi long e fòtifye 2pikèt yo.

Paske ou va 3gaye toupatou, ni adwat, ni agoch.

Konsa, desandan ou yo va posede nasyon yo.

Yo va rete ankò nan vil abandone yo.”

“Pa pè, paske ou 4p ap vin wont.

Pa santi ou imilye, paske ou p ap desi.

Ou p ap sonje wont jenès ou

ak repwòch tankou vèv.

Sa va bliye nèt.

Paske 5mari ou se Kreyatè ou a;

yo rele L SENYÈ dèzame yo.

Redanmtè ou se Sila Ki Sen An Israël la.

Yo rele Li Bondye a tout latè a.

Paske SENYÈ a te rele ou

kon yon madanm 6abandone e atriste nan lespri,

menm kon yon madanm nan jenès li

lè l abandone,” di Bondye ou.

“Pou yon 7ti tan kout, Mwen te kite ou;

men ak gran konpasyon, Mwen va ranmase ou.

Nan anpil kòlè, Mwen te kache figi M pou yon moman,

men ak lanmou dous ki p ap janm fini an,

Mwen va gen konpasyon pou ou”, di SENYÈ a, Redanmtè ou a.

“Paske pou Mwen, sa se tankou jou Noé yo.

Menm jan Mwen te sèmante ke dlo a Noé yo 8pa ta janm inonde latè ankò,

konsa Mwen te sèmante ke Mwen p ap fache avèk ou,

ni ke Mwen p ap repwoche nou.

Paske mòn yo kapab deplase,

e kolin yo ka disparèt,

men lanmou dous Mwen anvè ou menm p ap retire de ou.

Ni 9akò lapè Mwen p ap soti menm,”

di SENYÈ ki gen konpasyon pou ou a.

O sila ki aflije a, balote pa tanpèt la e san 10konsolasyon an;

gade byen, Mwen va monte bijou ou ak bon kòl

ki fèt pou bijou bèl koulè yo,

epi fondasyon ou yo va poze ak pyè safì.

Anplis, Mwen va fè ranpa ou ak bijou ribi,

pòtay nou yo ak pyè kristal,

e tout miray ou yo ak pyè presye. 11

Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a;

pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.

Nan 12ladwati, ou va etabli;

ou va rete lwen opresyon,

paske ou p ap gen lakrent.

Ou p ap gen gwo laperèz, paske li p ap pwoche ou.

Si nenpòt moun atake ou, se pa kote M sa va sòti. 13

Nenpòt moun ki atake ou va tonbe akoz ou menm.

“Gade byen, se Mwen menm ki te kreye bòs fòjewon

ki pou soufle dife chabon an,

e fè sòti yon zam pou travay li.

Mwen te kreye destriktè a pou l ka detwi.

Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi;

epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo.

Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo. 14

Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.

Source notes (14)
  1. Cross-reference És 62:4
  2. Cross-reference Egz 35:18
  3. Cross-reference Jen 28:14
  4. Cross-reference És 45:17
  5. Cross-reference Jr 3:14
  6. Cross-reference És 49:14-21
  7. Cross-reference És 26:20
  8. Cross-reference Jen 9:11
  9. Cross-reference II Sam 23:5
  10. Cross-reference És 51:18-19
  11. Cross-reference Jn 6:45
  12. Cross-reference És 1:26-27
  13. Cross-reference És 41:11-16
  14. Cross-reference És 45:24

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.