Bib Sen An
Ésaïe 55
“Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo!
Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje.
Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.
Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen,
ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè?
Koute Mwen avèk atansyon, 1manje sa ki bon
e pran plezi nou an abondans.
Prete zòrèy nou e vin kote Mwen.
Koute pou nou ka viv. 2
Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan,
selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
Gade byen, Mwen te bay 3li kon yon temwen a pèp la,
yon chèf ak kòmandè pou pèp la.
Gade byen, ou va rele yon nasyon ou pa rekonèt;
yon nasyon ki pa rekonèt ou va 4kouri bò kote ou,
akoz SENYÈ Bondye ou a,
ak Sila Ki Sen an Israël la;
paske Li te bay ou glwa.” 5
Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;
rele Li pandan Li toupre a. 6
Kite mechan an abandone chemen li an,
ak pechè a, panse li yo.
Kite li retounen kote SENYÈ a
e Li va gen mizerikòd sou li;
anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.
“Paske, panse pa Mwen yo se pa 7panse pa w,
ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.
Paske 8tankou syèl yo pi wo ke tè a,
konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,
e panse Mwen yo ke panse pa w yo.
Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,
e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,
pou fè l donnen e boujonnen,
pou fè l bay 9semans pou kiltivatè,
ak pen pou sila k ap manje a;
se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.
Li 10p ap retounen kote Mwen vid,
san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,
san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.
Paske ou va sòti ak 11kè kontan
e mennen sòti ak lapè.
Mòn yo ak kolin yo va eklate
nan gwo kri lajwa devan ou,
e tout bwa nan chan yo va bat men yo.
Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve;
olye 12machacha, bwa jasmen va leve.
Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a,
kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.
Source notes (12)
- Cross-reference Sòm 22:26
- Cross-reference Trav 13:34
- Cross-reference Sòm 18:43
- Cross-reference Za 8:22
- Cross-reference Sòm 32:6
- Cross-reference És 1:16-19
- Cross-reference És 65:2
- Cross-reference Sòm 103:11
- Cross-reference II Kwo 9:10
- Cross-reference És 44:26
- Cross-reference Sòm 105:43
- Cross-reference És 5:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.