Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 56

Konsa pale SENYÈ a:

“Konsève sa ki jis

e fè sa ki dwat,

paske 1sali Mwen an prèt pou rive

e ladwati Mwen va vin revele.

A la 2beni nonm ki fè sa a beni,

e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm;

ki pa janm derespekte Saba a,

e ki anpeche men l fè mal la.”

Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di:

“Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.”

Ni pa kite 3 enik lan di:

“Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.

Paske konsa pale SENYÈ a:

“A enik yo ki 4kenbe Saba Mwen yo,

ki chwazi sa ki fè M plezi,

e ki kenbe fèm nan akò Mwen an,

a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an;

anndan miray Mwen yo, yon memoryal

e yon 5non ki meyè a fis yo oswa fi yo.

Mwen va bay yo yon non

k ap dire nèt jis pou letènite,

ki p ap janm disparèt.”

“Anplis, 6etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a,

pou sèvi Li,

pou renmen non a SENYÈ a,

pou vin sèvitè Li,

yo tout ki pa derespekte Saba a,

e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;

menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an,

e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an.

Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an;

paske 7kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”

Senyè BONDYE a, ki 8rasanble dispèse a Israël yo, deklare:

“Mwen va rasanble lòt yo anvè yo,

lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.”

Nou tout, 9bèt a chan yo,

vin manje,

ak tout bèt a forè yo. 10

Gadyen Li yo avèg.

Tout nan yo san konprann.

Se chen bèbè ki pa ka jape;

moun k ap kouche fè rèv,

ki renmen somèy.

Wi, chen yo voras.

Yo pa janm jwenn ase.

Se bèje yo ye san konprann.

Yo tout 11vire tounen nan pwòp chemen pa yo,

yo chak nan ranmase byen de tout katye.

“Vini”, yo di: “Annou twouve diven;

annou bwè anpil bwason fò.

Epi 12demen n ap fè menm jan ak jodi a!

Plis menm!”

Source notes (12)
  1. Cross-reference Sòm 85:9
  2. Cross-reference Sòm 112:1
  3. Cross-reference Det 23:1
  4. Cross-reference És 56:2-6
  5. Cross-reference És 62:2
  6. Cross-reference És 56:3
  7. Cross-reference Mat 21:13
  8. Cross-reference És 11:12
  9. Cross-reference Éz 3:17
  10. Cross-reference Éz 3:17
  11. Cross-reference És 57:17
  12. Cross-reference Sòm 10:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.