Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 52

1

Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion.

Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an;

paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo

p ap antre kote ou a ankò.

Souke leve kò ou 2sòti nan pousyè a,

O kaptif Jérusalem nan!

Retire chenn sa yo nan kou ou,

O fi kaptif a Sion an.

Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi

e ou va 3rachte san vèse lajan.”

Paske konsa pale SENYÈ a:

“Pèp Mwen an nan kòmansman, 4

te desann an Égypte pou rezide la,

epi Asiryen yo te oprime yo san koz.

Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a,

“konsi pèp Mwen an te retire san koz?”

Ankò deklare SENYÈ a:

“Konsi, pèp Mwen rachte pou ryen,

epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan,

e 5non Mwen blasfeme tout lajounen,

pou sa, pèp Mwen an va 6konnen non Mwen.

Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale.

Gade byen, se Mwen!”

A la bèl sou mòn yo, se pye a sila ki pote 7bòn nouvèl la,

ki anonse lapè,

ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan,

ki anonse Sali,

ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”

Gadyen ou yo leve 8vwa yo.

Yo rele fò ak kè kontan ansanm;

paske yo va wè ak pwòp zye yo

lè SENYÈ a retounen nan Sion an.

Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo,

paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.

Li te 9rachte Jérusalem.

SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè. 10

Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an. 11

Sòti! Sòti! Kite kote sa a!

Pa touche anyen ki pa pwòp!

Sòti nan mitan li!

Vin pirifye nou menm!

Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.

Nou p ap kite ak gran vites,

ni nou p ap kouri devan moun;

paske 12SENYÈ a va ale devan nou

e Bondye Israël la va fè gad an aryè.

Gade byen, 13sèvitè Mwen an va aji avèk sajès.

Li va leve wo, e vin egzalte anpil.

Menm jan ke anpil moun te etone de ou—

konsa 14aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun,

e fòm li plis ke fis a lòm yo.

Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon.

Wa yo va pe bouch yo pou koz Li;

paske 15sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l,

e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.

Source notes (15)
  1. Cross-reference És 51:9-17
  2. Cross-reference És 29:4
  3. Cross-reference És 1:27
  4. Cross-reference Jen 46:6
  5. Cross-reference Éz 36:20-23
  6. Cross-reference És 49:23
  7. Cross-reference És 40:9
  8. Cross-reference És 62:6
  9. Cross-reference És 43:1
  10. Cross-reference És 45:22
  11. Cross-reference És 48:20
  12. Cross-reference És 26:7
  13. Cross-reference És 42:1
  14. Cross-reference És 53:2-3
  15. Cross-reference Wo 15:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.