Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 51

“Koute mwen, nou menm ki swiv ladwati a,

k ap 1chache SENYÈ a:

Gade vè wòch sou sila nou te taye a,

vè min wòch kote nou te retire a.

Gade vè 2Abraham, papa nou an

ak Sarah, ki te fè nou soti nan vant.

Lè li te yon sèl, Mwen te rele li,

Mwen te beni li, e te fè l vin miltipliye.”

Anverite, SENYÈ a te konsole Sion;

Li te rekonfòte tout kote dezole li yo.

Epi savann li yo te fèt sanble ak 3Éden,

e dezè yo tankou jaden Senyè a.

Lajwa ak kè kontan va twouve nan yo;

remèsiman ak son melodi chanson.

“Prete atansyon a Mwen, O pèp Mwen an

e prete Mwen zòrèy nou, O nasyon Mwen an;

paske yon lwa va sòti nan Mwen

e Mwen va 4poze jistis Mwen kon yon limyè a tout pèp yo. 5

Ladwati Mwen toupre a.

Sali Mwen te voye deyò.

Se bra M kap jije pèp yo.

Peyi kot yo va tann Mwen,

e bra M va jije pèp yo.

Leve zye nou vè syèl la

e gade anba vè latè;

paske syèl la va disparèt tankou lafimen; 6

latè va epwize tankou yon vètman.

Konsa, moun ki rete ladann yo va mouri;

men delivrans Mwen va la jis pou tout tan,

e ladwati Mwen p ap janm sispann.

“Koute Mwen, nou menm ki konnen ladwati,

yon pèp ki gen lalwa M nan 7kè yo.

Pa pè repwòch a lòm,

ni dekouraje lè y ap meprize nou.

Paske papiyon va manje yo tankou yon vètman,

e 8mit va manje yo tankou len.

Men ladwati Mwen va jis pou tout tan,

e sali Mwen, a tout jenerasyon yo.”

“Leve, leve, mete fòs sou Ou, O bra SENYÈ a;

leve tankou nan jou lansyen yo. 9

Èske se pa t Ou menm ki te koupe Rahab an ti mòso a,

ki te frennen dragon an nèt la?

Èske se pa Ou menm ki te seche lanmè a,

dlo a gran fon yo;

ki te fè pwofondè lanmè yo yon chemen

pou rachte yo ta ka travèse lòtbò?

Pou sa, rachte a SENYÈ yo va retounen;

vini ak gwo kri lajwa a Sion yo.

Epi lajwa ki dire nèt la va sou tèt yo.

Yo va jwenn kè kontan ak lajwa,

e 10tristès ak soupi pa yo va disparèt nèt.

“Mwen, Mwen menm se Sila ki 11bannou konsolasyon an.

Se kilès ou ye pou ou pè moun ki va mouri,

ak fis a moun ki fèt tankou zèb la?

Èske ou te 12bliye SENYÈ a, Kreyatè ou a,

ki te rale ouvri syèl yo

e te poze fondasyon latè yo?

Eske nou krent tout jounen akoz kòlè opresè a,

pandan l ap prepare pou detwi?

Men ki kote kòlè opresè sila a?

Toutalè 13egzile a va libere.

Li p ap mouri nan kacho a,

ni li p ap manke pen.

Paske Mwen se SENYÈ Bondye ou a,

ki fè 14boulvèse lanmè a,

Ki fè lanm li yo gwonde.

SENYÈ dèzame yo se non Li.

Mwen te 15mete pawòl Mwen nan bouch ou

e te kouvri ou avèk lonbraj men Mwen,

pou etabli syèl yo, fonde latè a

e pou di a Sion: ‘Ou se pèp Mwen.’” 16

Leve ou menm! Leve ou menm!

Kanpe, O Jérusalem!

Ou menm ki te bwè depi nan men SENYÈ a, tas kòlè Li.

Gode ki pou fè ou kilbite a,

ou fin bwè jis rive nan kras anba l. 17

Nanpwen moun ki pou gide fi a

pami tout fis li te fè yo,

ni nanpwen moun ki pou pran l pa lamen

pami tout fis li te leve yo.

Se de bagay sa yo ki gen tan rive ou—

se kilès ki va kriye pou ou?— 18

devastasyon ak destriksyon,

gwo grangou, ak nepe.

Kijan pou m ta konsole ou?

Fis ou yo vin endispoze;

yo kouche atè sou pwent a chak ri,

tankou antilòp ki kenbe nan pèlen.

Yo ranpli ak kòlè SENYÈ a,

ak 19repwòch Bondye ou a.

Pou sa, souple, koute sa, ou menm ki 20aflije,

ki sou, men pa avèk diven:

Konsa pale Senyè ou a,

SENYÈ a, menm Bondye ou,

ki pran plede kòz pou pèp Li a:

“Gade byen, Mwen te retire 21tas kilbite a,

gode kòlè Mwen an soti nan men ou;

ou p ap janm bwè l ankò.

M ap mete li nan men a sila k ap toumante ou yo,

ki te di nanm ou: 22 ‘Kouche pou nou ka mache sou ou’.

Ou te kouche fè do ou vin tankou tè a;

tankou gran lari pou sila k ap mache sou li yo.”

Source notes (22)
  1. Cross-reference Sòm 94:15
  2. Cross-reference És 29:22
  3. Cross-reference Jen 2:8
  4. Cross-reference És 1:27
  5. Cross-reference És 46:13
  6. Cross-reference Sòm 102:25-26
  7. Cross-reference Sòm 37:31
  8. Cross-reference És 14:11
  9. Cross-reference Job 26:12
  10. Cross-reference És 60:19
  11. Cross-reference És 51:3
  12. Cross-reference Det 6:12
  13. Cross-reference És 48:20
  14. Cross-reference Sòm 107:25
  15. Cross-reference Det 18:18
  16. Cross-reference És 51:9
  17. Cross-reference Sòm 88:18
  18. Cross-reference És 8:21
  19. Cross-reference És 66:15
  20. Cross-reference És 54:11
  21. Cross-reference És 51:17
  22. Cross-reference Jos 10:24

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.