Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 50

Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila

Mwen te voye manman ou ale a?

Oswa èske Mwen te 1vann ou bay yo?

Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo,

e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.

Poukisa pa t gen moun lè M te vini an?

Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn?

Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte?

Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun?

Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen;

Mwen 2fè rivyè yo vin dezè.

Pwason pa yo gen move sant akoz mank dlo, e yo mouri ak swaf.

Mwen 3abiye syèl yo ak fènwa

e kouvri yo ak twal sak.”

Senyè a te ban Mwen lang a 4sa yo ki enstwi yo,

pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige.

Li fè M leve maten apre maten,

Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.

SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen.

Mwen 5pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak.

Mwen 6te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo,

ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo;

Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.

Paske Senyè BONDYE a va 7fè M sekou.

Pou sa, Mwen pa t twouble menm.

Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks.

Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont.

Sila ki 8jistifye Mwen an toupre;

se kilès ki mennen ka a kont Mwen?

Kite li rale pre M.

Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou;

se kilès ki kondane Mwen?

Gade byen, yo tout va vin vye;

epwize tankou yon vètman.

Mit papiyon twal yo va manje yo.

Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a,

ki obeyi vwa a 9sèvitè Li a,

ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a?

Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a

e depann de Bondye li a.

Gade byen, nou tout ki 10limen yon dife,

ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo;

mache nan limyè dife nou te fè a,

e pami tòch yo nou te limen an.

Men sa nou va jwenn nan men Mwen an:

Nou va kouche pou fè lamantasyon.

Source notes (10)
  1. Cross-reference Det 32:30
  2. Cross-reference Jos 3:16
  3. Cross-reference És 13:10
  4. Cross-reference És 8:16
  5. Cross-reference Mat 26:39
  6. Cross-reference Mat 26:67
  7. Cross-reference És 42:1
  8. Cross-reference És 45:25
  9. Cross-reference És 49:2-3
  10. Cross-reference Pwov 26:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.