Bib Sen An
Ésaïe 49
Koute Mwen, O 1lil yo
e tande byen, pèp ki sòti lwen yo.
SENYÈ a te rele Mwen depi nan vant;
depi nan vant manman M, Li te rele M.
Li te fè bouch Mwen tankou yon nepe file;
nan 2lonbraj men L, Li te kache Mwen.
Anplis, Li te fè M vin yon flèch byen poli,
e Li te kache Mwen nan fouwo Li.
Li te di Mwen: 3“Ou se sèvitè Mwen,
Israël nan sila Mwen va montre glwa Mwen an.”
Men Mwen te di: “Mwen te 4travay di an ven.
Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite;
sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a,
e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.”
Konsa pale SENYÈ a, ki te fòme m depi nan vant
pou m ta Sèvitè Li a:
Li di pou mennen Jacob retounen kote Li a,
pou Israël ta ranmase vè Li
(paske mwen te 5resevwa lonè nan zye SENYÈ a
e Bondye Mwen an se fòs Mwen),
Li di: “Se yon bagay twò piti pou ou ta Sèvitè Mwen,
pou leve fè monte tout tribi Jacob yo,
e restore retay Israël la.
Konsa anplis, Mwen va fè Ou 6yon limyè a nasyon yo,
pou sali Mwen ka rive jis nan dènye pwent latè.”
Konsa pale SENYÈ a, Redanmtè Israël la ak Sila Ki Sen li an,
a Sila ke lòm 7meprize a, a Sila ki rayi pa nasyon an,
a Sèvitè a chèf yo:
“Wa yo va wè e vin leve,
Prens yo, anplis, va vin pwostène, akoz SENYÈ a,
Sila ki fidèl la, Sila Ki Sen an Israël ki te chwazi Ou a.”
Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab,
ke M te reponn Ou.
Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou.
Mwen va kenbe Ou e 8bay Ou kon yon akò pou pèp la,
pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo.
Pou pale a 9kaptif yo: ‘Vin parèt’!
Epi a sila nan tenèb yo: ‘Montre tèt ou’.
Akote chemen yo, yo va manje
e patiraj yo va sou tout wotè vid yo.
Yo p ap grangou, ni soufri swaf,
ni solèy ki brile p ap frape yo;
Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va 10mennen yo
e va gide yo rive nan sous dlo yo.
Mwen va fè tout 11mòn Mwen yo vin yon chemen,
e gran chemen Mwen yo va vin leve wo.
Gade byen, sa yo va vini sòti lwen;
epi gade, sila yo va soti nan 12nò ak nan lwès la,
e sila yo va soti nan peyi Sinim yo.
Rele fò ak jwa, O syèl yo!
Rejwi, O latè!
Eklate ak gwo kri lajwa, O mòn yo!
Paske 13SENYÈ a te konsole pèp Li a.
Li va gen konpasyon pou aflije Li yo.
Men Sion te di: “SENYÈ a te abandone mwen,
e Senyè a te bliye mwen.”
Èske yon fanm ka bliye pitit k ap souse li a,
pou l pa gen konpasyon sou fis ki sòti nan vant li an?
Menm sila yo ka bliye, men 14Mwen p ap bliye ou.
Gade byen, Mwen te 15enskri ou nan pla men Mwen.
Miray ou yo devan Mwen tout tan.
Fè pitit ou yo, fè vit.
Sila k ap 16detwi yo e k ap devaste yo va kite ou.
“Leve zye ou e gade toupatou;
yo tout rasanble ansanm pou yo vin kote ou. 17
Kon Mwen viv la,” deklare SENYÈ a:
“Ou va, anverite abiye ak yo tout,
pou yo sèvi kon bijou ou,
e tache yo sou ou kon yon jenn fi k ap marye.”
Nan plas dezè e dezole ou yo,
nan peyi detwi nèt ou a,
anverite, koulye a, ou va manke kont espas pou sila ki vivan yo,
e 18sila ki te vale ou yo va ale byen lwen. 19
Pitit ke ou te pèdi yo va gen tan di nan zòrèy ou:
“Plas sa a twò piti pou mwen;
fè espas pou mwen pou m ka viv isit la.”
Epi ou va di nan kè ou: ‘Se kilès ki te fè sila yo pou mwen,
paske mwen te pèdi pitit mwen yo,
e mwen rete sèl, yon 20egzile e yon vwayajè?
Konsa, se kilès ki te leve sila yo?
Gade byen, mwen te kite sèl. Ki kote sila yo te sòti?’”
Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Gade byen, Mwen va leve men M vè nasyon yo
e Mwen va monte drapo Mwen a lòt pèp yo.
Yo va 21mennen fis ou yo nan sen yo,
e fi nou yo va pote sou zepòl yo.
Wa yo va sèvi kon papa adoptif nou yo,
e fi yo kon manman nouris.
Yo va bese ba devan ou ak figi yo atè,
pou niche pousyè nan pye ou.
Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a;
sila ki 22tann Mwen yo p ap vin wont.” 23
Èske piyaj la kapab rache nan men a nonm pwisan an?
Oswa èske kaptif lejitim yo kapab delivre?
Anverite, konsa pale SENYÈ a: “Menm 24kaptif a nonm pwisan an va soti,
e piyaj la va rache nan men nonm fò a;
paske Mwen va batay ak sila ki batay avèk ou
e Mwen va sove fis ou yo.
Mwen va fè opresè ou yo manje pwòp chè yo;
yo va vin sou ak pwòp san yo tankou ak diven dous.
Konsa, tout chè va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a,
se Sovè ou e redanmtè ou, Pwisan A Jacob la.”
Source notes (24)
- Cross-reference És 42:4
- Cross-reference És 51:16
- Cross-reference Za 3:8
- Cross-reference És 65:23
- Cross-reference És 43:4
- Cross-reference És 42:6
- Cross-reference Sòm 22:6-8
- Cross-reference És 42:6
- Cross-reference És 42:7
- Cross-reference Sòm 23:2
- Cross-reference És 40:4
- Cross-reference És 43:5-6
- Cross-reference És 40:1
- Cross-reference És 44:21
- Cross-reference Kan 8:6
- Cross-reference És 10:6
- Cross-reference És 45:23
- Cross-reference Sòm 56:1-2
- Cross-reference És 54:1-3
- Cross-reference És 5:13
- Cross-reference És 14:2
- Cross-reference Sòm 37:9
- Cross-reference Mat 12:29
- Cross-reference És 10:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.