Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 48

“Tande sa, O lakay Jacob,

ki rele pa non Israël,

ki te sòti nan dlo Juda a.

Nou 1sèmante pa non SENYÈ a,

e envoke Bondye Israël la,

men san verite e san ladwati.

Paske yo rele tèt yo menm jan ak vil sen an

e yo 2depann sou Bondye Israël la;

SENYÈ dèzame se non Li.

Mwen te 3deklare ansyen bagay lontan yo,

yo te sòti nan bouch Mwen e Mwen te pwoklame yo.

Sibitman Mwen te fè yo, e yo te vin rive.

Akoz Mwen konnen ke 4tèt ou di,

kou ou tankou ba fè,

e fwontèn ou tankou bwonz;

pou sa, Mwen te deklare sa a ou menm lontan sa;

avan yo te rive, Mwen te pwoklame yo a Ou menm,

pou ou pa ta di: ‘Se 5zidòl mwen an ki te fè l;

imaj taye mwen ak imaj fonn mwen an

ki te kòmande yo.’

Ou te tande sa!

Gade tout sa!

Konsa, ou menm, èske ou p ap deklare li?

Mwen pwoklame 6bagay tounèf yo a ou menm soti kounye a,

tout bagay kache a ke ou pa t konnen yo.

Se koulye a yo fèt, e pa lontan sa.

Avan jou sa a, ou pa t tande yo.

Konsa, ou p ap di: “Gade byen, mwen te konnen yo”.

Anverite, Ou pa t konn tande yo,

ni ou pa t konnen yo.

Menm depi lontan, zòrèy ou pa t ouvri,

paske Mwen te konnen ke ou aji nan koken.

Depi nan nesans ou, se 7rebèl ou te ye. 8

Pou koz a non Mwen, M ap fè kòlè Mwen pran ti reta;

pou koz lwanj Mwen, Mwen ralanti l pou ou,

pou m pa koupe retire ou nèt.

Gade byen, Mwen te rafine ou, men pa tankou ajan;

Mwen te fè ou pase a leprèv nan founo doulè a.

Pou koz pa M,

pou pwòp koz pa Mwen, Mwen va aji;

paske kòman non Mwen ka vin pwofane konsa? 9

Glwa Mwen, Mwen p ap ka sede l bay yon lòt.

Koute Mwen, O Jacob,

menm Israël ke M te rele a;

Mwen se Li menm nan. 10

Mwen se premye a.

E Mwen se osi dènye a.

Anverite, men M te 11etabli latè,

e men dwat Mwen te louvri syèl yo.

Lè M rele yo, yo kanpe ansanm.

Rasanble, nou tout pou koute!

Se kilès pami yo ki te deklare bagay sa yo?

Sila SENYÈ a renmen; li va 12akonpli sa li pito sou Babylone.

Men L va kont Kaldeyen yo.

Mwen menm, Mwen te pale.

Anverite, Mwen te 13rele li.

Mwen te mennen li,

e Li va fè chemen li yo vin reyisi.

Vin toupre Mwen, koute sa:

“Depi nan kòmansman, Mwen pa t pale an sekrè;

depi tan sa te rive a, Mwen te la.”

Epi koulye a 14Senyè BONDYE a te voye Mwen ak Lespri Li.

Konsa pale SENYÈ a,

Redanmtè ou a,

Sila Ki Sen an Israël la:

“Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

ki enstwi ou pou ou ta byen reyisi,

ki 15mennen ou nan chemen ke ou ta dwe ale a.

Si sèlman ou te 16okipe kòmandman Mwen yo!

Konsa afè ou t ap mache byen tankou yon rivyè,

e ladwati ou tankou lam lanmè yo.

Desandan nou yo t ap tankou sab e pitit ou yo tankou grenn sab. 17

Non pa li pa ta janm vin disparèt ni detwi devan prezans Mwen.” 18

Ale kite Babylone!

Sove ale devan Kaldeyen yo!

Deklare ak son a kri lajwa, pwoklame sa.

Voye li rive jis nan dènye pwent latè.

Anonse li, “SENYÈ a te rachte sèvitè Li a, Jacob.”

Yo pa t swaf lè Li te mennen yo travèse dezè yo.

Li te fè dlo sòti nan wòch pou yo;

Li te fann wòch la e 19dlo te vin pete. 20

“Pa gen lapè pou mechan yo”, SENYÈ a di.

Source notes (20)
  1. Cross-reference Det 6:13
  2. Cross-reference És 10:20
  3. Cross-reference És 41:22
  4. Cross-reference Egz 32:9
  5. Cross-reference Jr 44:15-18
  6. Cross-reference És 42:9
  7. Cross-reference Det 9:7-24
  8. Cross-reference Né 9:30-31
  9. Cross-reference Det 32:26-27
  10. Cross-reference És 44:6
  11. Cross-reference Egz 20:11
  12. Cross-reference És 46:10-11
  13. Cross-reference És 41:12
  14. Cross-reference Za 2:9-11
  15. Cross-reference Sòm 32:8
  16. Cross-reference Det 5:29
  17. Cross-reference És 56:5
  18. Cross-reference Jr 50:8
  19. Cross-reference Sòm 78:20
  20. Cross-reference És 57:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.