Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 47

“Vin desann chita nan pousyè a, O 1fi vyèj Babylone nan;

Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo!

Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.

Pran yon wòch moulen pou moulen farin.

Retire 2vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo.

Travèse rivyè yo.

Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt.

Mwen va 3pran vanjans

e Mwen p ap bliye pèsòn.” 4

Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li,

Sila Ki Sen an Israël la. 5

Chita an silans e antre nan fènwa a,

O fi a Kaldeyen yo,

paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.

Mwen te fache ak pèp Mwen an;

Mwen te pwofane eritaj Mwen an,

e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou.

Ou pa t montre yo gras,

men menm ak 6granmoun nan vyeyès yo,

ou te fè jouk ou byen lou.

Malgre, ou te di: ‘Se 7rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’

Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.

“Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo,

ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou:

‘Se mwen menm e nanpwen lòt.

Mwen p ap janm 8chita tankou yon vèv,

ni konnen pèt timoun.’

Men de bagay sa yo va rive sou nou 9sibitman

nan yon jou:

pèt a pitit ak afè vin vèv la.

Yo va rive an mezi plen nèt;

malgre tout maji nou ak gwo pouvwa

wanga nou konn fè yo.

Ou te santi ou te 10byen pwoteje nan mechanste ou

e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’.

Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou;

paske nan kè ou, ou te di:

‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.

Men 11malè va vini sou ou ke ou p ap gen

maji pou detounen.

Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou.

Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk

va rive sou ou sibitman.

Kanpe fèm nan tout 12maji ak wanga

ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo.

Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.

Ou vin 13fatige ak tout konseye yo.

Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo,

k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo,

vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.

Gade byen, yo 14tankou pay.

Dife ap brile yo.

Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo.

P ap gen chabon ki pou chofe kò yo,

ni flanm dife pou yo chita devan l!

Men kijan tout travay lavi w ap tèmine:

Tout sa yo ki 15fè komès ak ou depi nan jenès ou yo

va mache egare nan chemen pa yo;

nanpwen moun ki pou ta sove ou.

Source notes (15)
  1. Cross-reference Sòm 137:8
  2. Cross-reference Jen 24:65
  3. Cross-reference És 34:8
  4. Cross-reference És 41:14
  5. Cross-reference És 23:2
  6. Cross-reference Det 28:50
  7. Cross-reference És 47:5
  8. Cross-reference Rev 18:7
  9. Cross-reference Sòm 73:19
  10. Cross-reference Sòm 52:7
  11. Cross-reference És 57:1
  12. Cross-reference És 47:9
  13. Cross-reference Jr 51:58-64
  14. Cross-reference És 5:24
  15. Cross-reference Rev 18:11

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.