Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 46

1

Bèl vin pwostène,

Nebo koube nèt.

Imaj pa yo konn pote sou bèt;

menm sou tout kalite bèt domestik.

Bagay ke nou pote yo se chaj lou;

yon fado ki peze sa yo ki fatige.

Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm.

Yo pa t ka delivre chaj lou a,

men yo menm 2vin prizonye yo.

Koute Mwen, O lakay Jacob

ak tout retay lakay Israël la;

nou menm ki te 3pote menm depi nan nesans,

ki te pote depi nan vant.

Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,

e menm lè 4cheve nou blanch, Mwen va pote nou.

Mwen te fè, e Mwen va pote.

Mwen va pote, e Mwen va delivre. 5

A kilès nou ta fè Mwen sanble,

fè Mwen vin egal e konpare Mwen,

konsi nou te menm bagay?

Kèk konn 6vide lò ki sòti nan bous,

oswa peze ajan sou balans.

Anplwaye yon òfèv,

e l ap fè l vin tounen yon dye.

Yo pwostène—

e anverite, yo adore l.

Yo fè l monte sou zepòl pou pote l;

yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la.

Li p ap ka deplase nan plas li.

Malgre yon moun ta kriye anvè li, 7li p ap ka reponn;

li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.

Sonje sa e kanpe fèm kon gason; 8

kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo.

Sonje 9ansyen bagay ki pase lontan yo,

paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt.

Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,

ki deklare lafen depi nan kòmansman

e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.

Mwen ki di w: 10“Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”

M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès,

yon nonm volonte Mwen an,

k ap soti nan yon peyi lwen.

Anverite, Mwen te 11pale.

Anverite, Mwen va fè sa rive.

Mwen ki te fè plan an;

Mwen k ap fè l rive.

Koute Mwen, nou menm, moun 12tèt di,

ki lwen ladwati yo!

Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre.

Li pa lwen,

epi sali Mwen p ap fè reta.

Mwen va bay 13sali nan Sion

e glwa Mwen a Israël.

Source notes (13)
  1. Cross-reference És 2:18
  2. Cross-reference Jij 18:17-24
  3. Cross-reference Sòm 71:6
  4. Cross-reference Sòm 71:18
  5. Cross-reference És 40:18-25
  6. Cross-reference És 40:19
  7. Cross-reference És 41:28
  8. Cross-reference És 44:19
  9. Cross-reference Det 32:7
  10. Cross-reference Sòm 33:11
  11. Cross-reference Nonb 23:19
  12. Cross-reference Sòm 76:5
  13. Cross-reference És 61:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.