Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ésaïe 45

Konsa pale SENYÈ a a Cyrus, onksyone Li a, ke M te pran pa 1men dwat la, pou soumèt nasyon yo devan l e pou lache senti a wa yo, pou ouvri pòt devan l pou pòtay yo pa fèmen:

“Mwen va ale devan ou

pou 2fè move kote yo vin swa.

Mwen va kraze pòt an bwonz yo

e fin koupe nèt ba an fè li yo.

Mwen va bay ou 3trezò lannwit yo

ak richès k ap kache kote sekrè yo,

pou ou ka konnen ke se Mwen, SENYÈ a,

Bondye Israël la, ki rele ou pa non ou.

Pou koz sèvitè Mwen an, Jacob ak Israël,

sila ke M te chwazi a,

Mwen te, anplis, rele ou pa non ou.

Mwen te bay ou yon tit k ap respekte,

malgre ou 4pa t rekonèt Mwen.

Mwen se SENYÈ a e pa gen lòt.

Apa de Mwen menm, pa gen Bondye.

Mwen va 5fòtifye ou,

malgre ou pa t rekonèt Mwen;

ke 6lèzòm ka konnen depi solèy leve

jiskaske solèy kouche,

ke nanpwen lòt sof ke Mwen menm.

Mwen se SENYÈ a e nanpwen lòt;

Sila ki te fòme limyè a ak fènwa a,

ki fè bonè e ki 7kreye malè.

Mwen se SENYÈ a,

ki fè tout sila yo.

Degoute depi anwo, O syèl yo,

e kite nwaj yo vide fè ladwati desann.

Kite 8latè ouvri nèt pou sali a ka donnen fwi,

pou fè ladwati vòltije monte avè l.

Mwen, SENYÈ a te kreye l.

Malè a sila ki goumen ak Kreyatè li a—

yon veso fèt ak tè pami veso latè yo!

Èske 9ajil va di a bòs kanari a: ‘Se kisa w ap fè la a?’

Oswa bagay w ap fè a, ta di: “Li pa gen men’?

Malè a sila ki di a yon papa: ‘Ki kalite bagay ou te fè la?’

Oswa a yon fanm: ‘A kilès w ap bay nesans lan?’”

Konsa pale SENYÈ a, Sila Ki Sen An Israël

ak Kreyatè li a: 10

“Mande M de bagay k ap vini a konsènan fis Mwen yo

e ou kòmande Mwen menm selon zèv men M yo!

Se Mwen ki te fè latè e te kreye lòm sou li.

Mwen te lonje ouvri syèl yo ak men M

e mete tout 11lame selès pa yo an lòd.

Mwen te fè leve nan li 12ladwati

e Mwen va fè wout li yo swa.

Li va bati vil Mwen,

e va kite egzile Mwen yo vin libere,

pa pou pèyman oswa rekonpans,”

pale SENYÈ dèzame yo.

Konsa pale SENYÈ a: “Prodwi a Égypte yo

ak machandiz a Ethiopie a ak Sabeyen yo,

mesye a gran tay yo, va vin travèse kote ou.

Yo va pou ou.

Yo va mache dèyè w.

Yo va vini ak chenn sou yo, e va bese devan ou;

yo va fè siplikasyon a ou menm.

‘Anverite 13Bondye pami nou; e pa gen lòt.

Nanpwen lòt Bondye’”

Anverite, Ou se yon Dye ki 14kache tèt Li,

O Bondye Israël la, Sovè a!

Yo va 15desi, imilye menm, yo tout.

Sa yo ki fabrike zidòl yo va sòti ansanm ak gwo wont.

Israël va sove pa SENYÈ a, ak yon sali ki pou tout tan.

Ou 16p ap vin wont, ni imilye jiska letènite.

Paske SENYÈ a ki te kreye syèl la ak tè a,

Dye a ki te fòme tè a e ki te fè l la;

Ki te etabli li, e Li pa t kreye li 17vid,

men te fòme l pou moun ka viv ladann di:

“Mwen se SENYÈ a.

Nanpwen lòt.

Mwen pa t pale an sekrè, nan yon peyi fènwa.

Mwen pa t di a desandan Jacob yo,

‘Chache M anven.’

Mwen, SENYÈ a, 18pale ladwati.

Mwen deklare sa ki dwat.” 19

“Rasanble nou e vini.

Rapwoche nou ansanm, nou menm,

refijye a nasyon yo.

Lòt yo pa gen konesans;

sila ki pote zidòl an bwa yo toupatou,

e ki priye a yon dye ki p ap ka sove yo.

Deklare e prezante ka nou an.

Anverite, kite yo fè konsiltasyon ansanm.

Se kilès ki te anonse sa depi nan tan ansyen yo,

ki te deklare sa depi lontan?

Èske se pa Mwen, SENYÈ a?

Epi 20nanpwen lòt Dye sof ke Mwen,

yon Dye ladwati e yon Sovè. Nanpwen lòt sof ke Mwen. 21

“Vire kote Mwen pou vin sove, tout pwent latè yo;

paske Mwen se Bondye e pa gen lòt.

Mwen te sèmante pa Mwen menm,

pawòl la te fin sòti nan bouch Mwen nan ladwati

e li p ap vire fè bak;

ke a Mwen menm, 22tout jenou va koube

e tout lang va sèmante fidelite.

Yo va di de Mwen:

‘Se sèlman 23nan SENYÈ a ki gen ladwati ak pwisans.’”

Lèzòm va vin kote Li e tout moun ki te

fè laraj kont Li va vin wont nèt.

Nan SENYÈ a, tout desandan Israël yo va vin 24jistifye

e va rejwi!

Source notes (24)
  1. Cross-reference Sòm 73:23
  2. Cross-reference Sòm 107:6
  3. Cross-reference Jr 41:8
  4. Cross-reference Trav 17:23
  5. Cross-reference Sòm 18:39
  6. Cross-reference Sòm 102:15
  7. Cross-reference És 31:2
  8. Cross-reference Sòm 85:11
  9. Cross-reference És 29:16
  10. Cross-reference Jr 31:9
  11. Cross-reference Jen 2:1
  12. Cross-reference És 41:2
  13. Cross-reference Jr 16:19
  14. Cross-reference Sòm 44:24
  15. Cross-reference És 42:17
  16. Cross-reference És 49:23
  17. Cross-reference Jen 1:2
  18. Cross-reference Sòm 19:8
  19. Cross-reference És 43:9
  20. Cross-reference És 45:5
  21. Cross-reference Nonb 21:8-9
  22. Cross-reference Wo 14:11
  23. Cross-reference Jr 33:16
  24. Cross-reference I Wa 8:32

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.