Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Efezyen Yo 5

1

Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te 3bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.

Men ni 4imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.

Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a. 5

Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo. Konsa, pa 6vin yon pati ak yo. Paske avan sa nou 7te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè. Paske 8fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite, 9ki fè prèv de sa k ap fè Senyè a plezi. Pa patisipe nan 10zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans 11ekspoze yo. Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm. Men tout bagay vin vizib 12lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè. Pou rezon sa a Li di: 13

“Leve, sila k ap dòmi an,

Leve sòti nan lanmò

E Kris va klere sou ou.”

Konsa, fè atansyon sou jan nou 14mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 15Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men 16konprann byen kisa volonte Bondye a ye. Epi 17pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 18Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 19Toujou bay remèsiman a 20Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21avèk soumisyon youn lòt nan 22lakrent Kris la. 23

Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. Paske 24mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay. 25

Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin 27sen e san fot. Donk, mari yo dwe osi 28renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. Paske nou se 29manm a kò Li. 30“Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.” Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe 31respekte mari li.

Source notes (31)
  1. Cross-reference Mat 5:48
  2. Cross-reference Wo 14:15
  3. Cross-reference Gal 2:20
  4. Cross-reference Kol 3:5
  5. Cross-reference Kol 2:8
  6. Cross-reference Ef 3:6
  7. Cross-reference Ef 2:2
  8. Cross-reference Gal 5:22
  9. Cross-reference Wo 12:2
  10. Cross-reference Wo 13:12
  11. Cross-reference I Tim 5:20
  12. Cross-reference Jn 3:20
  13. Cross-reference És 51:17
  14. Cross-reference Ef 5:2
  15. Cross-reference Kol 4:5
  16. Cross-reference Wo 12:2
  17. Cross-reference Pwov 20:1
  18. Cross-reference Kol 3:16
  19. Cross-reference Wo 1:8
  20. Cross-reference I Kor 15:24
  21. Cross-reference Gal 5:13
  22. Cross-reference II Kor 5:11
  23. Cross-reference Ef 5:22—6:9; Kol 3:18—4:1
  24. Cross-reference I Kor 11:3
  25. Cross-reference Ef 5:28,33; Ef 5:2
  26. Cross-reference Tit 2:14
  27. Cross-reference Ef 1:4
  28. Cross-reference Ef 5:25
  29. Cross-reference I Kor 6:15
  30. Cross-reference Jen 2:24
  31. Cross-reference I Pi 3:2,5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.