Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Efezyen Yo 6

1

Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men 3elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a. 4

Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, pa sèlman devan zye, kòmsi 5pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. Avèk bòn volonte, rann sèvis 6tankou a Senyè a, e pa a lòm nan konesans ke 7nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.

Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke 8ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.

Anfen 9se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan 10fòs a pouvwa Li. 11Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. Paske lit nou an pa kont 12lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab 13reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin 14kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la 15pwotèj ladwati a. Konsa, 16abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, e anplis de tout bagay, pran 17boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. Epi pran 18kas Sali a ak 19nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. Avèk tout 20lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 21Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, pou sila ke mwen se yon 22anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a. 23

Men pou nou menm osi kapab konnen sikonstans mwen yo, jan mwen ye, Tychique, frè byeneme e sèvitè fidèl nan Senyè a, va fè nou konnen tout bagay. Mwen te voye li kote nou pou bi sa a menm, pou nou ta kapab konnen sikonstans nou menm, e pou Li ta kapab 24rekonfòte kè nou.

Lapè avèk frè nou yo, e 25lanmou avèk lafwa, ki soti nan Bondye, Papa a, ak Senyè a Jésus Kri. Lagras avèk tout sila yo ki renmen Senyè nou an, Jésus Kri, avèk yon lanmou ki p ap janm varye. Amen.

Source notes (25)
  1. Cross-reference Pwov 6:20
  2. Cross-reference Egz 20:12
  3. Cross-reference Kol 3:21; Jen 18:19
  4. Cross-reference Kol 3:22
  5. Cross-reference Gal 1:10
  6. Cross-reference Kol 3:23
  7. Cross-reference Mat 16:27
  8. Cross-reference Job 31:13
  9. Cross-reference I Kor 16:13
  10. Cross-reference Ef 1:19
  11. Cross-reference Wo 13:12
  12. Cross-reference Mat 16:17
  13. Cross-reference Jc 4:7
  14. Cross-reference És 11:5
  15. Cross-reference És 59:17
  16. Cross-reference És 52:7
  17. Cross-reference I Tes 5:8
  18. Cross-reference És 59:17
  19. Cross-reference Eb 4:12
  20. Cross-reference Fil 4:6
  21. Cross-reference Kol 4:3
  22. Cross-reference II Kor 5:20
  23. Cross-reference Ef 6:21,22; Kol 4:7-9
  24. Cross-reference Kol 2:2
  25. Cross-reference Gal 5:6

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.