Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Filipyen Yo 1

Paul ak Timothée, sèvitè-atache nèt a Jésus Kri yo, a tout fidèl ki nan Kris Jésus ki nan vil Philippe yo, menm avèk 1dirijan legliz ak dyak yo tou: 2Lagras pou nou, ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a Jésus Kri. 3

Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. Mwen toujou ap 4ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, akoz de patisipasyon nou nan 5levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska 6jou a Kris Jésus a. Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m. Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.

Mwen priye konsa, pou 7lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan 8vrè konesans, avèk tout bon jijman. Pou nou kapab 9vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska 10jou a Kris la; Se pou nou vin ranpli nèt avèk 11fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.

Koulye a, mwen vle nou konnen, frè m yo, ke sikonstans mwen yo 12vin pase pou pi gran pwogrè levanjil la. Paske anprizonman mwen pou koz a 13Kris la vin konnen toupatou nan tout gad palè a e pa tout lòt moun yo. Epi pifò nan frè nou yo mete plis konfyans nan Senyè a akoz anprizonman m nan, e yo vin gen 14plis kouraj toujou pou pale pawòl Bondye a san krent. Asireman 15kèk nan yo menm ap preche Kris avèk lanvi ak konfli, men kèk tou ap preche l avèk senserite. Dènye nan sa yo, fè l avèk lanmou, paske yo konnen ke m te chwazi pou defans a 16levanjil la. Premye sa yo pwoklame Kris 17avèk anbisyon pèsonèl, olye santiman de bon kè, akoz yo panse ke sa ka fè m chagren nan anprizonman mwen an.

Alò, kisa? Sèlman nan chak ka, kit se nan pretèks kit se nan verite, Kris la pwoklame. E se nan sa mwen rejwi mwen. Wi, mwen va rejwi mwen. Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè 18lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a. Selon volonte sensè ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris la va menm koulye a, kon toujou 19egzalte nan kò m 20kit se nan lavi kit se nan lanmò. Paske pou mwen menm 21viv se Kris e mouri se avantaj. Men si mwen viv toujou nan lachè, sa va pote fwi pou travay 22 mwen. Konsa, mwen pa menm konnen kilès pou m ta pito. Men mwen santi presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta 23anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil, men pou m rete nan lachè a pi nesesè pou koz a nou menm. 24Konvenk de sa, mwen konnen ke mwen va rete pou kontinye avèk nou tout, pou pwogrè ak lajwa nou nan lafwa. Konsa 25konfyans fyète nou an nan mwen kapab vin debòde nan Jésus Kri lè mwen vin bò kote nou an ankò.

Sèlman, kondwi tèt nou nan yon fason ki 26dign de levanjil a Jésus Kri a, pou si mwen vini wè nou oubyen rete absan, mwen kapab tande ke nou kanpe fèm nan yon sèl espri, avèk yon sèl panse, nan lite ansanm pou lafwa a levanjil la, san okenn perèz a lènmi nou yo, ki se yon 27sign destriksyon pou yo menm, men sali pou nou menm, e sa anplis, soti nan Bondye. Paske, a nou menm 28li te vin pèmèt, pou koz a Kris la, non sèlman pou kwè nan Li, men osi pou soufri pou koz Li. Konsa nou ap pase menm 29konfli entèn ke nou te wè m pase a, e koulye a tande k ap fèt nan mwen.

Source notes (29)
  1. Cross-reference Trav 20:28
  2. Cross-reference Wo 1:7
  3. Cross-reference Wo 1:8
  4. Cross-reference Wo 1:9
  5. Cross-reference Fil 1:7
  6. Cross-reference I Kor 1:8
  7. Cross-reference I Tes 3:12
  8. Cross-reference Kol 1:9
  9. Cross-reference Wo 2:18
  10. Cross-reference I Kor 1:8
  11. Cross-reference Jc 3:18
  12. Cross-reference Luc 21:13
  13. Cross-reference Fil 1:7
  14. Cross-reference Trav 4:31
  15. Cross-reference II Kor 11:13
  16. Cross-reference Fil 1:5,7,12,27
  17. Cross-reference Wo 2:8
  18. Cross-reference II Kor 1:11
  19. Cross-reference I Kor 6:20
  20. Cross-reference Wo 14:8
  21. Cross-reference Gal 2:20
  22. Cross-reference Wo 1:13
  23. Cross-reference II Kor 5:8
  24. Cross-reference Fil 2:24
  25. Cross-reference II Kor 5:12
  26. Cross-reference Ef 4:1
  27. Cross-reference II Tes 1:5
  28. Cross-reference Mat 5:11,12
  29. Cross-reference Kol 1:29

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.