Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Filipyen Yo 2

Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen 1amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi. Pa fè anyen nan egoyis oubyen ak vye dezi vanite, men avèk refleksyon ki enb 3gade youn lòt kòm pi enpòtan ke nou menm. Pa sèlman chèche pwòp enterè pèsonèl pa nou, men osi enterè a lòt yo. 4

Se pou nou genyen santiman sila nan nou menm ki te osi nan Kris Jésus a ki, malgre Li te egziste nan fòm Bondye 5pa t gade egalite li avèk Bondye yon choz pou L ta kenbe di, men te 6vide tèt li, e te pran fòm a yon sèvitè-atache nèt, e te 7vin fèt nan imaj a lòm. Kòmsi aparans Li te tankou yon moun, Li te bese tèt Li e te vin 8obeyisan jiska lanmò, menm lanmò sou yon kwa. Akòz tout sa, Bondye te 9egzalte Li byen wo, e te bay Li 10non ki pi wo pase tout non yo, pouke nan non a Jésus a 11tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo epi tout lang konfese ke Jésus Kri se 12Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen 13fè travay sali nou an avèk 14lakrent ak tranbleman. Paske se 15Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.

Fè tout bagay san 16plenyen ni diskite. Konsa nou va 17san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon 18jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t 19kouri anven, ni 20travay anven. Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon 21bwason k ap ofri kòm 22sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.

Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.

Men mwen espere nan Senyè a Jésus pou 23voye Timothée kote nou byen vit, pou m kapab ankouraje tou lè m aprann de kijan nou ye. Paske m pa gen okenn lòt moun ak 24yon kè parèy a li menm, ki va vrèman konsène pou byen nou. Paske yo tout 25chache pwòp enterè pa yo, e pa sila a Kris Jésus a. Men nou konnen 26prèv valè li, ke li te sèvi avè m pou avansman levanjil la, kòm yon pitit k ap sèvi papa li. 27Konsa, mwen espere voye li kote nou imedyatman, depi mwen wè kijan tout bagay ale avèk mwen. Men 28mwen gen konfyans mwen nan Senyè a ke mwen menm osi va vini toutalè.

Men m te panse li te nesesè pou voye Épaphrodite, frè m nan, 29ouvriye ak sòlda parèy mwen, e osi mesaje pa nou e sèvitè pou sa ke m bezwen. Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad. Paske vrèman, li te malad jis nan pwen pou l mouri, men Bondye te fè l gras, e pa li menm sèlman, men osi mwen menm, pou mwen pa ta vin genyen tristès sou tristès. Konsa, mwen te voye l avèk plis enpasyans toujou, pou lè nou wè l ankò, nou kapab rejwi, e mwen kapab enkyete mwens pou nou menm. Konsa, resevwa li nan Senyè a avèk tout lajwa, e 30kenbe an wo estim moun tankou li, paske li te prèske mouri pou zèv a Kris la, e te riske vi li pou 31konplete sa ki te manke nan sèvis nou pou mwen menm.

Source notes (31)
  1. Cross-reference II Kor 13:14
  2. Cross-reference Jn 3:29
  3. Cross-reference Wo 12:10
  4. Cross-reference Mat 11:29
  5. Cross-reference Jn 5:18
  6. Cross-reference II Kor 8:9
  7. Cross-reference Eb 2:17
  8. Cross-reference Mat 26:39
  9. Cross-reference Mat 28:18
  10. Cross-reference Ef 1:21
  11. Cross-reference És 45:23
  12. Cross-reference Jn 13:13
  13. Cross-reference Eb 5:9
  14. Cross-reference II Kor 7:15
  15. Cross-reference Wo 12:3
  16. Cross-reference I Kor 10:10
  17. Cross-reference Luc 1:6
  18. Cross-reference Det 32:5
  19. Cross-reference Gal 2:2
  20. Cross-reference És 49:4
  21. Cross-reference II Tim 4:6
  22. Cross-reference Nonb 28:6,7
  23. Cross-reference Fil 2:23
  24. Cross-reference I Kor 16:10
  25. Cross-reference I Kor 10:24
  26. Cross-reference Wo 5:4
  27. Cross-reference Fil 2:19
  28. Cross-reference Fil 1:25
  29. Cross-reference Wo 16:3,9,21
  30. Cross-reference I Kor 16:18
  31. Cross-reference I Kor 16:17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.