Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Efezyen Yo 4

Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou 1mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, avèk tout 2imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, nan rete dilijan pou konsève 3linite Lespri a, e nan lyen lapè. 4Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; 5yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, yon sèl Bondye e Papa 6tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay. Men a nou chak, gras te vin bay 7selon mezi don a Kris la.

Konsa sa ekri: 8

“Lè Li te monte anlè,

Li te mennen kon kaptif,

kaptivite a menm,

e Li te bay don a lèzòm.”

Alò, fraz sila a, 9“Li te monte”, kisa sa vle di eksepte ke Li osi te desann anba nan pati ki pi fon nan latè a? Sila ki te desann nan se Li menm tou ki te monte 10bokou pi wo pase tout syèl yo, pou Li ta kapab 11akonpli tout bagay.

Konsa, Li te bay 12kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 13pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak 14konesans a Fis Bondye a, yon 15moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. Kòm rezilta, nou 16pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe 17grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. Nan Li menm 18tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.

Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a 19pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, avèk yon konprann ki byen 20fonse 21andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te 22livre tèt yo a tout 23sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. Men nou pa t 24aprann Kris nan fason sa a, si vrèman nou 25te menm tande Li e 26te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou 27mete sou kote 28ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, epi pou nou 29vin tounèf nan lespri a panse nou, pou nou kapab mete sou nou 30nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.

Pou sa, mete akote sa ki fo, 31e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt. 32 “Vin fache, e malgre sa, pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, epi pa 33bay Dyab la opòtinite. Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou 34fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo. Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou 35edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te 36sele nou pou jou redanmsyon an. 37Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt 38jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

Source notes (38)
  1. Cross-reference Ef 2:10
  2. Cross-reference Kol 3:12
  3. Cross-reference Kol 3:14
  4. Cross-reference I Kor 12:4; Ef 1:18
  5. Cross-reference I Kor 8:6
  6. Cross-reference Wo 11:36
  7. Cross-reference Wo 12:3
  8. Cross-reference Sòm 68:18
  9. Cross-reference Jn 3:13
  10. Cross-reference Eb 7:6
  11. Cross-reference Ef 1:23
  12. Cross-reference Trav 13:1
  13. Cross-reference II Kwo 13:9
  14. Cross-reference Ef 1:17
  15. Cross-reference Eb 5:14
  16. Cross-reference I Kor 14:20
  17. Cross-reference Ef 2:21
  18. Cross-reference Wo 12:4
  19. Cross-reference Ef 2:2
  20. Cross-reference Wo 1:21
  21. Cross-reference Ef 2:12
  22. Cross-reference Wo 1:24
  23. Cross-reference Kol 3:5
  24. Cross-reference Mat 11:29
  25. Cross-reference Wo 10:14
  26. Cross-reference Kol 2:7
  27. Cross-reference Eb 12:1
  28. Cross-reference Wo 6:6
  29. Cross-reference Wo 12:2
  30. Cross-reference Kol 3:10
  31. Cross-reference Za 8:16
  32. Cross-reference Sòm 4:4
  33. Cross-reference Wo 12:19
  34. Cross-reference I Tes 4:11
  35. Cross-reference Wo 14:19
  36. Cross-reference Jn 3:33
  37. Cross-reference Wo 3:14
  38. Cross-reference Mat 6:14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.