Bib Sen An
Efezyen Yo 3
Pou rezon sa a, mwen, Paul 1prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo, si vrèman nou te tande de 2jerans a gras Bondye ke mwen te resevwa pou livre bay nou an, ke 3pa revelasyon mwen te vin konnen mistè a, sou ki mwen te deja ekri kèk mo a. Pa referans a sa, lè nou li, nou kapab konprann konesans mwen nan 4mistè a Kris la, ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a 5sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a. Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.6 7Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a. A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout 8richès ensondab a Kris yo. Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a 9mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. Pou tout sajès a Bondye a ta kapab 10vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout 11pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 12Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an. Nan 13Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans. Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pase14pou nou yo, paske yo se glwa nou.
Pou rezon sila a, mwen 15koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, pou nou kapab konprann avèk tout sen yo 16sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, epi pou nou konnen 17lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.
Koulye a, a Li menm ki 18kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 19a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
Source notes (19)
- Cross-reference Trav 23:18
- Cross-reference Ef 1:10
- Cross-reference Gal 1:12
- Cross-reference Wo 11:25
- Cross-reference I Kor 12:28
- Cross-reference Gal 3:29
- Cross-reference I Kor 1:23,25
- Cross-reference Wo 2:4
- Cross-reference Wo 16:25
- Cross-reference I Pi 1:12
- Cross-reference Ef 6:12
- Cross-reference Ef 1:11
- Cross-reference Ef 2:18
- Cross-reference Ef 3:1
- Cross-reference Fil 2:10
- Cross-reference Job 11:8
- Cross-reference Wo 8:35,39
- Cross-reference II Kor 9:8
- Cross-reference Wo 11:36
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.