Bib Sen An
Efezyen Yo 2
Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te 1fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo. Nan sila yo menm, nou te konn mache oparavan yo, selon kous a mond sa a, selon 2prens a pwisans de lè a, lespri a ki koulye a menm ap aji nan 3fis a dezobeyisans yo. Pami yo, nou tou te konn viv 4nan dezi lachè nou, nan satisfè sa dezi lachè a ak lespri a te mande nou fè. Nou te 5pa lanati, zanfan lakòlè menm jan ak tout lòt yo. Men Bondye, ki rich an mizerikòd, akoz 6gran amou Li ke Li te sèvi nan renmen nou an, ki menm lè nou te deja mouri nan transgresyon nou yo, Li te fè nou viv ansanm avèk Kris. 7Pa lagras nou te sove a. Li te 8leve nou avèk Li, epi te fè nou chita avèk Li nan lye selès yo, nan Kris Jésus, pou nan tan k ap vini yo, Li ta kapab montre nou 9richès a gras Li ki pi gran pase tout bagay, nan dousè Li anvè nou nan Jésus Kri. Paske se 10pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 11 Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. Paske nou se èv Li, 12kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
Konsa, sonje, ke oparavan, nou menm, pèp etranje nan lachè yo, ki rele 13“Ensikonsi” pa sila ki rele pwòp tèt yo “Sikonsi” yo, ki fèt nan lachè pa men a lòm, sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon 14akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan. Men koulye a nan Kris Jésus, nou menm ki te oparavan byen lwen, nou gen tan vin touprè 15pa san a Kris la. Paske Li menm, Li se 16lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an, lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, 17yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè. Konsa, Li ta kapab 18rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò. “Epi 19Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.” Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan 20yon sèl Lespri a Papa a. Konsa, nou pa etranje ak moun deyò ankò, men nou se 21sitwayen ansanm avèk sen yo, e manm fanmi a lakay Bondye a, ki te bati sou fondasyon apot ak pwofèt yo, Kris Jésus Li menm kòm 22wòch la ki fòme ang prensipal la. Nan Li menm tout kay la bati ansanm, epi ap grandi pou devni 23yon tanp ki sen nan Senyè a. Nan Li menm, nou osi ap vin 24bati ansanm pou vini yon kote pou Lespri Bondye a kapab rete.
Source notes (24)
- Cross-reference Ef 2:5
- Cross-reference Jn 12:31
- Cross-reference Ef 5:6
- Cross-reference Gal 5:16
- Cross-reference Wo 2:14
- Cross-reference Jn 3:16
- Cross-reference Trav 15:11
- Cross-reference Kol 2:12
- Cross-reference Wo 2:4
- Cross-reference Trav 15:11
- Cross-reference Wo 3:28
- Cross-reference Kol 3:10
- Cross-reference Wo 2:28
- Cross-reference Gal 3:17
- Cross-reference Wo 3:25
- Cross-reference És 9:6
- Cross-reference Gal 3:28
- Cross-reference II Kor 5:18
- Cross-reference És 57:19
- Cross-reference I Kor 12:13
- Cross-reference Fil 3:20
- Cross-reference Sòm 118:22
- Cross-reference I Kor 3:16
- Cross-reference I Kor 3:9,16
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.