Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Efezyen Yo 1

Paul 1yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, a sen ki an Éphèse yo 2ki fidèl nan Jésus Kri: 3Lagras pou nou ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a, Jésus Kri.

Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a 4nan lye selès an Kris yo. Jis jan 5Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, li te 6chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 7Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan 8Li menm Ki Byeneme a. 9Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, li te 10fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, avèk yon plan pou fè sa dewoule 11lè tan an fin akonpli, pou 12reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan 13selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache 14selon konsèy volonte pa Li, afenke nou menm ki te premye espere nan 15Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li. Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te 16sele nan Li menm avèk 17Lespri Sen a pwomès la, ki 18bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li.

Pou rezon sa a, mwen menm tou 19lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, m 20pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè ke 21Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. M priye pou 22zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, 23selon travay de fòs pouvwa Li a. Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li 24soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, pi wo anpil pase 25tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. Epi Li te 26mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, ki se 27kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.

Source notes (27)
  1. Cross-reference II Kor 1:1
  2. Cross-reference Kol 1:2
  3. Cross-reference Wo 1:7
  4. Cross-reference Ef 1:20
  5. Cross-reference Ef 2:10
  6. Cross-reference Wo 8:29
  7. Cross-reference Ef 1:12,14
  8. Cross-reference Mat 3:17
  9. Cross-reference Kol 1:14
  10. Cross-reference Wo 11:25
  11. Cross-reference Mc 1:15
  12. Cross-reference Kol 1:16,20
  13. Cross-reference Wo 8:28
  14. Cross-reference Wo 9:11
  15. Cross-reference Ef 1:6,14
  16. Cross-reference Ef 4:30
  17. Cross-reference Trav 2:33
  18. Cross-reference II Kor 1:22
  19. Cross-reference I Kor 1:4
  20. Cross-reference Wo 1:8
  21. Cross-reference Jn 20:17
  22. Cross-reference II Kor 4:6
  23. Cross-reference Ef 3:7
  24. Cross-reference Trav 2:24
  25. Cross-reference Mat 28:18
  26. Cross-reference Sòm 8:6
  27. Cross-reference I Kor 12:27

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.