Bib Sen An
Galat Yo 6
Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki 1posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. Paske 3si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. Men chak moun dwe 4egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. Paske 5chak moun va pote pwòp chaj pa l. 6
Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.
Pa twonpe tèt nou; 7Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men 8sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. Annou pa 9dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. Alò 10pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou 11avèk pwòp men mwen. Sila ki vle 12parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris. Paske sila ki sikonsi yo pa menm 13kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou. Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e 14mwen menm pou mond lan. Paske nan Kris Jésus, 15sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf. Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou 16Israël Bondye a.
Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m 17mak a Jésus yo. 18
Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete 19avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.
Source notes (19)
- Cross-reference I Kor 2:15
- Cross-reference Wo 15:1
- Cross-reference Trav 5:36
- Cross-reference I Kor 11:28
- Cross-reference Pwov 9:12
- Cross-reference I Kor 9:11,14
- Cross-reference Job 13:9
- Cross-reference Wo 8:11
- Cross-reference I Kor 15:58
- Cross-reference Pwov 3:27
- Cross-reference I Kor 16:21
- Cross-reference Mat 23:27
- Cross-reference Wo 2:25
- Cross-reference Wo 6:2,6
- Cross-reference Wo 2:26,28
- Cross-reference Wo 9:6
- Cross-reference És 44:5
- Cross-reference Wo 16:20
- Cross-reference II Tim 4:22
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.