Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Galat Yo 5

1

Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.

Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa 2sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou 3kenbe tout Lalwa a. Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou 4tonbe kite lagras. Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap 5tann esperans ladwati a. Paske nan Kris Jésus 6ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.

Nou t ap 7kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a? Enfliyans sa a pa t sòti nan 8Sila ki te fè apèl de nou an. 9Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve. Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap 10twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.

Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou 11pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli. Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta 12menm chatre pwòp kò yo.

Paske nou te rele pou libète, frè m yo. 13Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; 14“Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” Men si nou 15mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.

Men mwen di nou 16mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. Paske 17lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, 18pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. Men si nou 19mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. Alò, zèv lachè yo klè: 20Imoralite, salte, sansyalite idolatri, fè maji, fè lènmi 21konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap 22eritye wayòm Syèl la.

Men 23fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan 24krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache 25pa Lespri a. Pa kite nou 26vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.

Source notes (26)
  1. Cross-reference Jn 8:32,36
  2. Cross-reference Trav 15:1
  3. Cross-reference Wo 2:25
  4. Cross-reference Eb 12:15
  5. Cross-reference Wo 8:23
  6. Cross-reference I Kor 7:19
  7. Cross-reference Gal 2:2
  8. Cross-reference Wo 8:28
  9. Cross-reference I Kor 5:6
  10. Cross-reference Gal 1:7
  11. Cross-reference Gal 6:12
  12. Cross-reference Det 23:1
  13. Cross-reference I Kor 8:9
  14. Cross-reference Lev 19:18
  15. Cross-reference Gal 5:20
  16. Cross-reference Wo 8:4
  17. Cross-reference Wo 8:5
  18. Cross-reference Wo 7:15
  19. Cross-reference Wo 8:14
  20. Cross-reference I Kor 6:9,18
  21. Cross-reference II Kor 12:20
  22. Cross-reference I Kor 6:9
  23. Cross-reference Mat 7:16
  24. Cross-reference Wo 6:6
  25. Cross-reference Gal 5:16
  26. Cross-reference Fil 2:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.