Bib Sen An
Galat Yo 4
Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay, men li anba gadyen ak sipèvizè yo jiska dat fikse pa papa a. Menm jan an nou menm tou, lè nou te timoun, nou te kenbe an 1esklavaj anba prensip 2de baz a mond lan. Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a 3fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm 4fis. Akoz ke nou se fis, 5Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!” Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi 6si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.
Sepandan, nan 7lè sa a, lè nou pa t konnen Bondye, nou te esklav a sila ki pa lanati pa t dye yo menm. Men koulye a, akoz nou vin konnen Bondye, oubyen pito di 8vin konnen pa Li menm, kòman ke nou vire ankò a vye prensip de baz fèb yo, pou nou ta renmen vin esklav yo ankò? Nou 9obsève jou yo, mwa yo, sezon ak lane yo. Mwen gen lakrent pou nou pou petèt mwen te travay ak nou anven.
Mwen priye nou 10frè m yo, pou nou vin tankou mwen menm, paske mwen gen tan vin tankou nou. Nou pa t fè m okenn tò; men nou konnen ke se te akoz yon maladi nan kò a ke m te preche levanjil la a nou menm nan premye fwa a. Epi sa ki te yon traka pou nou nan kondisyon kò m nan, nou pa t ni meprize ni deteste nan mwen, men 11nou te resevwa mwen kòm yon zanj Bondye, kòm Kris Jésus Li menm.
Alò, kote sans benediksyon sa a gen tan ale la a? Paske mwen pran nou kòm temwen ke si te posib, nou t ap rache pwòp zye nou pou nou te ban mwen. Èske konsa mwen vin lènmi nou 12akoz ke m di nou Verite a? Yo chèche ou avèk zèl, pa pou bon rezon, men paske yo lanvi divize nou pou ou menm kapab al jwenn ak yo. Men se toujou bon si nou gen zèl pou sa ki bon, e 13pa sèlman lè m la avè nou.
Pitit mwen yo, ak nou m ap fè doulè akouchman nou ankò, jiskaske 14Kris fòme nan nou— Men mwen ta swete prezan avèk nou koulye a pou chanje jan mwen reflechi sou nou, paske 15mwen vin pa konprann nou.
Di mwen, nou menm ki vle anba Lalwa a, èske nou pa 16tande Lalwa a? Paske li ekri ke Abraham te gen de fis 17youn pa fanm ki te esklav la, e 18youn pa fanm ki te lib la. Men 19fis pa fanm ki te esklav la te fèt selon lachè, e 20fis a fanm ki te lib la te fèt selon pwomès la. Sa se parabòl senbolik; de fanm sa yo se de akò. Youn te fèt nan Mòn Sinaï k ap pote pitit ki va 21esklav yo; li menm se Agar. Alò, Agar sa a se Mòn Sinaï an Arabie. Li koresponn a Jérusalem ki la jis koulye a, paske li nan esklavaj avèk pitit li yo. Men 22Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout. Paske sa ekri: 23
“Rejwi, fanm esteril ki pa fè pitit;
eklate ak kri lajwa, ou menm ki pa
nan doulè pou fè timoun nan:
paske pitit a sila ki aflije a plis an
kantite pase sila ki gen mari a.”
Epi nou menm, frè m yo, kòm Isaac, nou se 24pitit a pwomès la. Men menm jan nan tan sa a, sila ki te fèt selon lachè a te 25pèsekite sila ki te fèt selon Lespri a, se menm jan an koulye a. Men kisa Lekriti Sen an di?: 26“Mete fanm esklav la deyò, avèk fis li a. Paske fis a fanm esklav la pa dwe yon eritye avèk fis a fanm lib la.” Alò konsa, frè m yo, nou pa pitit a yon fanm esklav, men a yon fanm lib.
Source notes (26)
- Cross-reference Gal 2:4
- Cross-reference Kol 2:8,20
- Cross-reference Mat 1:25
- Cross-reference Wo 8:14
- Cross-reference Trav 16:7
- Cross-reference Wo 8:17
- Cross-reference I Kor 1:21
- Cross-reference I Kor 8:3
- Cross-reference Wo 14:5
- Cross-reference Gal 6:18
- Cross-reference Mat 10:40
- Cross-reference Am 5:10
- Cross-reference Gal 4:13
- Cross-reference Ef 4:13
- Cross-reference II Kor 4:8
- Cross-reference Luc 16:29
- Cross-reference Jen 16:15
- Cross-reference Jen 21:2
- Cross-reference Wo 9:7
- Cross-reference Jen 17:16
- Cross-reference Gal 4:3
- Cross-reference Eb 12:22
- Cross-reference És 54:1
- Cross-reference Wo 9:7
- Cross-reference Jen 21:9
- Cross-reference Jen 21:12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.