Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Kolosyen Yo 3

Konsa, si nou te 1leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, 2chita sou men dwat Bondye a. 3Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. Paske nou te 4mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa. 5

Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. Paske se akoz bagay sa yo ke 6lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. Konsa, 7nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. Men koulye a, nou menm tou 8mete yo tout sou kote; 9Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 10Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, epi te 11mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. Yon renouvèlman konsa 12pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.

Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon 13kè konpasyon, tandrès 14imilite, jantiyès, ak pasyans; ki sipòte youn lòt e 15padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete 16inite a. Kite 17lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan 18yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. Kite 19pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan 20enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou. 21

Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a. 22

Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a. 23

Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo. 24

Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil. 25

Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje. 26

Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a. Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou 27kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 28Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi. Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi 29sa, san patipri.

Source notes (29)
  1. Cross-reference Kol 2:12
  2. Cross-reference Sòm 110:1
  3. Cross-reference Mat 16:23
  4. Cross-reference Wo 6:2
  5. Cross-reference Wo 8:13
  6. Cross-reference Wo 1:18
  7. Cross-reference Ef 2:2
  8. Cross-reference Ef 4:22
  9. Cross-reference Ef 4:31
  10. Cross-reference Ef 4:25
  11. Cross-reference Ef 4:24
  12. Cross-reference Wo 10:12
  13. Cross-reference Gal 5:22
  14. Cross-reference Ef 4:2
  15. Cross-reference Ef 4:32
  16. Cross-reference Jn 17:23
  17. Cross-reference Jn 14:27
  18. Cross-reference Ef 2:16
  19. Cross-reference Wo 10:17
  20. Cross-reference Kol 1:28
  21. Cross-reference I Kor 10:31
  22. Cross-reference Kol 3:18—4:1
  23. Cross-reference Ef 5:25
  24. Cross-reference Ef 6:1
  25. Cross-reference Ef 6:4
  26. Cross-reference Ef 6:5,7,8
  27. Cross-reference Ef 6:7
  28. Cross-reference Ef 6:8
  29. Cross-reference Det 10:17

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.