Bib Sen An
Kolosyen Yo 4
Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi 1konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la. 2
Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon 3pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame 4mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, pou m kapab fè li klè 5nan fason ke m ta dwe pale a. 6
Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou 7fè plis ke posib avèk tan an. 8Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun. 9
Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou. 10Paske mwen gen tan voye li kote nou eksprè pou rezon sa a, pou nou kapab konnen sikonstans nou yo e pou li kapab 11ankouraje kè nou. Epi avèk li 12Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la.
Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a 13Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen). Anplis, Jésus ke yo rele Justus la. Sa yo se sèl ouvriye pou wayòm Bondye 14ki sòti nan sikonsizyon an, e yo te ankouraje mwen anpil. 15
Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a. Paske mwen fè temwayaj li, ke li gen yon gwo sousi pou nou ak pou sila ki 16Laodicée ak Hiérapolis yo. 17Luc, doktè byeneme a, voye salitasyon li bannou, e Démas tou. Salye frè ki Laodicée yo e osi Nymphas ak 18legliz ki lakay li a. Lè lèt sa a li pami nou, kite yo li l osi nan legliz Lawodiseyen yo; e nou menm, pou pati pa nou 19li lèt mwen an k ap vini soti Laodicée a. Epi di 20Archippe, “Byen okipe 21èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”.
Mwen, Paul, mwen 22ekri salitasyon sa a avèk pwòp men mwen. Sonje 23chenn mwen yo. Ke lagras avèk nou.
Source notes (23)
- Cross-reference Ef 6:9
- Cross-reference Trav 1:14
- Cross-reference Trav 14:27
- Cross-reference Ef 3:3,4
- Cross-reference Ef 6:20
- Cross-reference Ef 5:15
- Cross-reference Ef 5:16
- Cross-reference Ef 4:29
- Cross-reference Kol 4:7-9; Ef 6:21-22
- Cross-reference Ef 6:22
- Cross-reference Kol 2:2
- Cross-reference Phm 10
- Cross-reference Trav 4:36
- Cross-reference Trav 11:2
- Cross-reference Kol 1:7
- Cross-reference Kol 2:1
- Cross-reference II Tim 4:11
- Cross-reference Wo 16:5
- Cross-reference I Tes 5:27
- Cross-reference Phm 2
- Cross-reference II Tim 4:5
- Cross-reference Fil 1:7
- Cross-reference I Kor 16:21
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.