Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Tesalonisyen Yo 1

1

Paul, 2Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè. 3

Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv 4lanmou nou yo; jan nou te 5kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou. Nou konprann, frè byeneme pa Bondye yo, chwa 6Li menm de nou an. Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi 7nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.

Nou osi te devni 8imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk 9lajwa Lespri Sen an. Konsa, nou te devni yon egzanp pou tout kwayan nan 10Macédoine ak nan Achaïe yo. Paske 11pawòl a Senyè a te deklare soti nan nou menm, non sèlman nan Macédoine ak Achaïe, men osi chak kote ke lafwa nou anvè Bondye te vin konnen, pou nou pa bezwen di anyen.

Paske yo menm bay rapò de nou; sou jan ou te resevwa nou, ak jan nou 12te vire vè Bondye pou kite zidòl yo, pou sèvi yon Bondye vivan e vrè, epi pou 13tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki 14delivre nou anba kòlè k ap vini an.

Source notes (14)
  1. Cross-reference II Tes 1:1
  2. Cross-reference II Kor 1:19
  3. Cross-reference Wo 1:8
  4. Cross-reference I Kor 13:13
  5. Cross-reference Wo 8:25
  6. Cross-reference II Pi 1:10
  7. Cross-reference Wo 15:19
  8. Cross-reference I Kor 4:16
  9. Cross-reference Trav 13:52
  10. Cross-reference Wo 15:26
  11. Cross-reference Kol 3:16
  12. Cross-reference Trav 14:15
  13. Cross-reference I Kor 1:7
  14. Cross-reference Wo 5:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.