Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Tesalonisyen Yo 2

Paske nou menm konnen, frè m yo, ke aparans nou pami nou menm nan 1pa t anven. Men apre nou te deja soufri e 2maltrete nan Philippes, jan nou konnen an, nou te gen kouraj nan Bondye nou an pou 3pale levanjil la avèk nou malgre anpil opozisyon.

Paske egzòtasyon nou an pa soti ni nan erè, ni nan 4salte, ni 5nan fason pou twonpe moun. Men jis jan nou te vin apwouve pa Bondye a pou 6vin konfye nou levanjil la; alò nou pale, pa pou fè lòm plezi, men pou Bondye ki egzamine kè nou yo.

Paske nou pa t janm vini avèk pawòl k ap flate moun, jan nou konnen an, ni avèk yon 7pretèks pou fè lajan (Bondye se temwen) ni nou pa t 8chache glwa ki sòti nan lòm, ni nan nou menm, ni nan lòt yo, menmsi kòm apot a Kris, nou ta dwe montre otorite nou. Men nou te pwouve nou 9plen dousè pami nou, tankou yon manman nouris ki byen pran swen pwòp pitit li.

Avèk bon jan afeksyon ke nou te gen pou nou an, nou te byen kontan 10pataje non sèlman levanjil a Bondye a, men osi pwòp lavi nou, paske nou te devni trè chè a nou menm.

Paske nou sonje, frè yo 11travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon 12chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a. Nou se temwen, e Bondye osi 13de jan nou te konpòte ak devwe nou an, dwat e san fot anvè nou menm, kwayan yo.

Jis kon nou konnen jan nou t ap 14egzòte, ankouraje e plede ak nou chak, tankou 15yon papa ta dwe fè pwòp pitit li, pou nou ta kab 16mache nan yon fason ki dign pou Bondye kap rele nou antre nan pwòp wayòm 17ak laglwa Li a.

Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa 18pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li 19pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.

Paske nou menm, frè m yo, nou te devni imitatè a legliz Bondye nan Kris Jésus ki 20an Judée yo. Konsa, nou 21te andire menm soufrans sa yo nan men a pwòp moun peyi parèy a nou yo, jan yo menm te andire l nan men a Jwif yo. 22

Sila ki te touye Senyè a Jésus ak pwofèt yo, e ki te fòse nou sòti yo. Yo p ap fè Bondye plezi, men yo se lènmi a tout moun. Yo anpeche nou pale avèk etranje yo pou yo kapab sove. Kon rezilta yo toujou 23ranpli mezi peche pa yo. Men lakòlè gen tan vini sou yo pi rèd.

Men nou menm, frè yo, akoz ke nou te separe de nou pou yon ti tan—24kòmsi an pèsòn, men pa an espri—nou tout te pi enpasyan ak lanvi pou wè figi nou. Paske nou tout te vle vin kote nou—mwen menm, Paul, plis ke yon sèl fwa—e malgre sa, Satan 25te anpeche nou.

Paske kilès ki esperans nou, oubyen 26lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan 27moman retou Li a. Paske nou se 28laglwa ak lajwa nou.

Source notes (28)
  1. Cross-reference II Tes 1:10
  2. Cross-reference Trav 14:5
  3. Cross-reference Trav 17:1-9
  4. Cross-reference I Tes 4:7
  5. Cross-reference II Kwo 4:2
  6. Cross-reference Gal 2:7
  7. Cross-reference Trav 20:33
  8. Cross-reference Jn 5:41,44
  9. Cross-reference II Tim 2:24
  10. Cross-reference II Kor 12:15
  11. Cross-reference II Tes 3:8
  12. Cross-reference II Kor 11:9
  13. Cross-reference II Kor 1:12
  14. Cross-reference I Tes 5:14
  15. Cross-reference I Kor 4:14
  16. Cross-reference Ef 4:1
  17. Cross-reference II Kor 4:6
  18. Cross-reference Wo 10:17
  19. Cross-reference Mat 10:20
  20. Cross-reference Gal 1:22
  21. Cross-reference Trav 17:5
  22. Cross-reference Luc 24:20
  23. Cross-reference Jen 15:16
  24. Cross-reference I Kor 5:3
  25. Cross-reference Wo 1:13
  26. Cross-reference Fil 4:1
  27. Cross-reference Mat 16:27
  28. Cross-reference II Kor 1:14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.