Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Tesalonisyen Yo 3

Konsa, lè nou pa t kapab andire l ankò, nou te panse ke li te pi bon pou yo kite nou dèyè nan 1Athènes sèl. Konsa, nou te voye 2Timothée, frè nou ak ouvriye Bondye parèy a nou nan levanjil a Kris la, pou ranfòse e ankouraje nou nan lafwa nou, pou pèsòn pa twouble pa afliksyon sila yo, paske nou konnen ke 3nou te destine pou sa. Paske, vrèman, lè nou te avèk nou an, nou te konn ap di nou davans ke nou t ap pral soufri afliksyon yo, 4e se konsa li te vin pase, jan nou konnen an.

Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou 5tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou 6travay nou an ta anven.

Men koulye a, ke 7Timothée gen tan menm vin jwenn nou soti kote nou, li te pote bannou bòn nouvèl de 8lafwa ak lanmou nou, e ke nou toujou panse avèk tandrès de nou menm, e anvi wè nou jis jan ke nou anvi wè nou tou a. Pou rezon sa a, frè m yo, nan tout detrès ak afliksyon nou yo, nou te rekonfòte de nou menm atravè lafwa nou. Paske koulye a, nou vrèman ap viv, si nou 9kanpe fèm nan Senyè a.

Paske 10ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz nou menm? Antretan 11lajounen kou lannwit, nou kontinye ap priye fò pou nou kab wè figi nou, e pou nou kapab 12konplete sa ki manke nan konesans lafwa nou.

Koulye a, ke Bondye e Papa nou an 13Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm. Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e 14ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. Pou Li kapab 15etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.

Source notes (15)
  1. Cross-reference Trav 17:15
  2. Cross-reference II Kor 1:1
  3. Cross-reference Trav 9:16
  4. Cross-reference I Tes 2:14
  5. Cross-reference Mat 4:3
  6. Cross-reference II Kwo 6:1
  7. Cross-reference Trav 18:5
  8. Cross-reference I Tes 1:3
  9. Cross-reference I Kwo 16:13
  10. Cross-reference I Tes 1:2
  11. Cross-reference II Tim 1:3
  12. Cross-reference II Kor 13:9
  13. Cross-reference I Tes 5:23
  14. Cross-reference Fil 1:9
  15. Cross-reference I Kor 1:8

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.