Bib Sen An
I Tesalonisyen Yo 4
Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe 1mache pou 2fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou. Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.
Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa,3pa fè imoralite seksyèl, ke 4chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, pa nan 5pasyon lanvi lachè, tankou payen ki 6pa konnen Bondye yo; epi pou pèsòn pa transgrese e 7vòlè frè l nan bagay sila, paske 8Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
Paske Bondye pa t rele nou 9pou fè salte, men nan sanktifikasyon. Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki 10bannou Lespri Sen Li an.
Alò, jan pou 11lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te 12enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. Paske, vrèman 13nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e 14travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. Konsa nou kapab 15konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e 16pou nou pa manke anyen.
Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen 17okenn espwa yo. Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, 18menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou 19nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska 20vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk 21twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. Epi 22nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
Source notes (22)
- Cross-reference Ef 4:1
- Cross-reference II Kor 5:9
- Cross-reference I Kor 6:18
- Cross-reference I Kwo 7:2,9
- Cross-reference Wo 1:26
- Cross-reference Gal 4:8
- Cross-reference I Kor 6:8
- Cross-reference Wo 12:19
- Cross-reference I Tes 2:3
- Cross-reference Wo 5:5
- Cross-reference Jn 13:34
- Cross-reference I Jn 2:27
- Cross-reference I Tes 1:7
- Cross-reference Trav 18:3
- Cross-reference Wo 13:13
- Cross-reference Ef 4:28
- Cross-reference Ef 2:12
- Cross-reference Wo 14:9
- Cross-reference I Kor 15:52
- Cross-reference I Tes 2:19
- Cross-reference Mat 24:31
- Cross-reference I Kor 15:52
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.