Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Tesalonisyen Yo 5

Alò, konsènan 1tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. Paske nou menm, nou konnen trè byen ke 2jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò 3destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou 4doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.

Men nou menm, frè m yo, nou pa nan 5tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. Paske nou tout se 6fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. Konsa, annou pa 7dòmi tankou 8lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo 9vin sou yo nan lannwit. Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou 10pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm 11kas, lesperans sali a.

Paske Bondye pa t destine nou a 12lakòlè, men pou nou vin 13gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 14Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.

Konsa, annou ankouraje youn lòt, e 15remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.

Men nou mande nou, frè m yo, pou nou apresye sila 16ki travay avèk dilijans pami nou yo, e ki 17responsab nou nan Senyè a pou bannou lenstriksyon e korije nou. Fòk nou ba yo gwo estim nan lanmou akoz de travay yo. 18

Viv nan lapè avèk youn lòt.

Nou egzòte nou anpil, frè m yo, avèti moun san 19prensip yo, ankouraje 20sila ki manke kouraj yo, ede fèb yo, aji nan pasyans avèk tout moun. Veye pou 21pèsòn pa rann youn lòt mal pou mal, men toujou chache sa ki bon pou youn lòt e pou tout moun. 22

Se pou nou rejwi nou tout tan. Priye san rete. Nan tout bagay 23bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a. 24

Pa etenn Lespri Sen an. Pa meprize 25pawòl pwofetik yo. Men 26byen egzamine tout bagay. Kenbe fèm a sa ki bon an e evite tout kalite mal.

Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke 27lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt 28san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri. 29

Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.

Frè m yo 30priye pou nou. 31

Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen. Mwen bannou lòd nan non Senyè a pou 32fè lèt sa a li bay tout frè yo.

Ke 33lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.

Source notes (33)
  1. Cross-reference Trav 1:7
  2. Cross-reference I Kor 1:8
  3. Cross-reference II Tes 1:9
  4. Cross-reference Jn 16:21
  5. Cross-reference Trav 26:18
  6. Cross-reference Luc 16:8
  7. Cross-reference Wo 13:11
  8. Cross-reference Ef 2:3
  9. Cross-reference Trav 7:15
  10. Cross-reference És 59:17
  11. Cross-reference Ef 6:17
  12. Cross-reference I Tes 1:10
  13. Cross-reference II Tes 2:13
  14. Cross-reference Wo 14:9
  15. Cross-reference Ef 4:29
  16. Cross-reference Wo 16:6,12
  17. Cross-reference Eb 13:17
  18. Cross-reference Mc 9:50
  19. Cross-reference II Tim 3:6,7,11
  20. Cross-reference És 35:4
  21. Cross-reference Wo 12:17
  22. Cross-reference Fil 4:4
  23. Cross-reference Ef 5:20
  24. Cross-reference Ef 4:30
  25. Cross-reference Trav 13:1
  26. Cross-reference I Kor 14:29
  27. Cross-reference Luc 1:46
  28. Cross-reference II Pi 3:14
  29. Cross-reference I Kor 1:9
  30. Cross-reference Ef 6:19
  31. Cross-reference Wo 16:16
  32. Cross-reference Kol 4:16
  33. Cross-reference Wo 16:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.