Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Tesalonisyen Yo 1

Paul, Silvain ak Timothée, a 1legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri: 2Gras pou nou ak lapè Bondye, Papa a, e Senyè a, Jésus Kri.

Nou ta dwe toujou 3bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e 4lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. Konsa, nou menm, nou 5pale avèk fyète de nou pami 6legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo. Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou 7ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.

Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo 8lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. Konsa L a bay chatiman a sila 9ki pa konnen Bondye yo, e a sila 10ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou an.

Sila yo va peye pinisyon 11destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. Lè Li vini pou L kapab 12glorifye nan sen Li yo nan 13jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou an.

Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou 14Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, pou 15non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.

Source notes (15)
  1. Cross-reference Trav 17:1
  2. Cross-reference Wo 1:7
  3. Cross-reference Wo 1:8
  4. Cross-reference I Tes 3:12
  5. Cross-reference II Kor 7:4
  6. Cross-reference I Tes 2:14
  7. Cross-reference Luc 20:35
  8. Cross-reference Luc 17:30
  9. Cross-reference Gal 4:8
  10. Cross-reference Wo 2:8
  11. Cross-reference Fil 3:19
  12. Cross-reference És 49:3
  13. Cross-reference És 2:1
  14. Cross-reference I Wa 22:22
  15. Cross-reference És 24:15

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.