Bib Sen An
II Tesalonisyen Yo 2
Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan 1vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak 2reyinyon nou ansanm avèk Li a, pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon 3lespri, ni yon 4mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.
Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e 5nonm peche a, fis a 6pèdisyon an, ta vin parèt. Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e 7prezante tèt li kòm Bondye.
Èske nou pa sonje 8lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?
Konsa, nou konnen 9kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt. Paske 10mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.
Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye 11avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, 12sign, ak fo mirak, epi avèk tout desepsyon mechanste pou 13sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou 14a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
Pou rezon sa a, 15Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, pou yo tout ki 16pa t kwè nan verite a, men ki te 17pran plezi nan mechanste, kapab jije.
Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz 18Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon 19pa Lespri a ak lafwa nan verite a. Se te pou sa Li te 20rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri.
Konsa, frè m yo, kanpe fèm e 21kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an. 22
Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 23rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.
Source notes (23)
- Cross-reference I Tes 2:19
- Cross-reference Mc 13:27
- Cross-reference I Jn 4:1
- Cross-reference II Tes 2:15
- Cross-reference Dan 7:25
- Cross-reference Jn 17:12
- Cross-reference És 14:14
- Cross-reference I Tes 3:4
- Cross-reference II Tim 2:7
- Cross-reference Rev 17:5,7
- Cross-reference És 7:4
- Cross-reference Mat 24:24
- Cross-reference I Kor 1:18
- Cross-reference II Tes 2:12,13
- Cross-reference I Wa 22:22
- Cross-reference Wo 2:8
- Cross-reference Wo 1:32
- Cross-reference Ef 1:4
- Cross-reference I Tes 4:7
- Cross-reference I Tes 2:12
- Cross-reference I Kor 11:2
- Cross-reference I Tes 3:11
- Cross-reference I Tes 3:2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.