Bib Sen An
II Tesalonisyen Yo 3
Finalman, frè m yo 1priye pou nou pou pawòl a Senyè a kapab gaye vit e vin glorifye, jis jan sa te fèt osi avèk nou an, epi pou nou kapab 2delivre de moun pèvès e mechan yo, paske se pa tout ki gen lafwa.
Men 3Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an. Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou 4ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo. Ke Senyè a 5dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.
Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou 6rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.
Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe 7swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou. Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk 8travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou. Se pa paske nou pa gen 9dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.
Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: 10si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap 11aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo 12travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo. Men pou nou, frè m yo 13pa fatige nan fè sa ki bon.
Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e 14pa asosye nou avè l pou 15li kab vin wont. Malgre sa, pa gade l kòm yon lènmi, men 16egzòte li kòm yon frè.
Koulye a, ke Senyè lapè a, Li menm, kontinye bannou lapè nan tout sikonstans. 17Ke Senyè a avèk nou tout!
Mwen, Paul ekri salitasyon sa a 18avèk pwòp men m, e sa se mak ki idantifye m nan chak lèt; se konsa ke m ekri. 19
Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen.
Source notes (19)
- Cross-reference I Tes 5:25
- Cross-reference Wo 15:31
- Cross-reference I Kor 1:9
- Cross-reference I Tes 4:10
- Cross-reference I Tes 3:11
- Cross-reference Wo 16:17
- Cross-reference I Tes 1:6
- Cross-reference I Tes 2:9
- Cross-reference I Kor 9:4-18
- Cross-reference I Tes 4:11
- Cross-reference I Tes 5:13
- Cross-reference I Tes 4:11
- Cross-reference Gal 6:9
- Cross-reference II Tes 3:6
- Cross-reference Tit 2:8
- Cross-reference I Tes 5:14
- Cross-reference Rt 2:4
- Cross-reference I Kor 16:21
- Cross-reference Wo 16:20
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.