Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Timothée 1

Paul, yon apot a Kris Jésus 1selon kòmandman Bondye a, Sovè nou an, e a Kris Jésus ki se esperans nou. A Timothée, vre pitit mwen nan lafwa mwen an: 2lagras, mizerikòd, ak lapè ki soti nan Bondye Papa a, e Senyè nou an, Jésus Kri.

Jan mwen te ankouraje ou sou depa mwen pou Macédoine nan, rete an Éphèse pou nou kapab enstwi sèten moun pou yo pa 3enstwi yon lòt doktrin nèf; ni pou yo pa prete atansyon a 4fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a.

Men bi a enstriksyon nou an se lanmou ki 5soti nan yon kè san tach, bon konsyans ak yon lafwa ki sensè. Paske kèk moun, nan egare kite bagay sa yo pou vin detounen nan 6diskou ki pa pote fwi, ki 7ta vle mèt k ap enstwi lalwa, menmsi yo pa menm konprann ni sa y ap di a, ni sijè ke yo pale avèk plen konfyans lan.

Men nou konnen ke 8Lalwa bon, si yon moun itilize li nan yon fason lejitim. Reyalize ke Lalwa pa fèt pou yon nonm ki dwat, men pou sila ki san prensip e ki 9rebèl yo, pou sila ki 10san Bondye ak pechè yo, pou sila ki pa sen ak mechan yo, pou sila ki touye papa oswa manman yo, pou asasen yo, epi pou 11moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo, selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te 12konfye m nan.

Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te 13ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis: malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon 14pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans. Konsa, 15lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a. 16Li se yon vre pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a. Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab 17montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.

Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, 18sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

Lòd sa a mwen konfye a ou menm, Timothée, fis mwen an, ki an akò avèk 19pwofesi a konsènan ou menm ki te fèt deja, ke pa yo menm, ou te mennen 20bon konba a, nan kenbe 21lafwa ak yon bon konsyans, ke kèk moun te rejte, e te fè nofraj nan sa ki gen rapò a lafwa yo. Pami sila yo, se Hyménée ak 22Alexandre, ke mwen te 23livre a Satan pou yo kab aprann pou yo pa fè blasfèm.

Source notes (23)
  1. Cross-reference Tit 1:3
  2. Cross-reference Wo 1:7
  3. Cross-reference Wo 16:17
  4. Cross-reference I Tim 4:7
  5. Cross-reference II Tim 2:22
  6. Cross-reference Tit 1:10
  7. Cross-reference Jc 3:1
  8. Cross-reference Wo 7:12,16
  9. Cross-reference Tit 1:6,10
  10. Cross-reference I Pi 4:18
  11. Cross-reference I Kor 6:9
  12. Cross-reference Gal 2:7
  13. Cross-reference Trav 9:22
  14. Cross-reference Trav 8:3
  15. Cross-reference Wo 5:20
  16. Cross-reference I Tim 3:1
  17. Cross-reference Ef 2:7
  18. Cross-reference Jn 5:44
  19. Cross-reference I Tim 4:14
  20. Cross-reference II Kor 10:4
  21. Cross-reference I Tim 1:5
  22. Cross-reference II Tim 4:14
  23. Cross-reference I Kor 5:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.