Bib Sen An
I Timothée 2
Dabò, alò, mwen ankouraje pou 1siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, 2pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
Sa bon e akseptab nan zye 3Bondye, Sovè nou an, 4ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a. Paske gen 5yon Bondye, yon 6medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan 7pwòp lè li a. Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt 8pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.
Konsa, mwen vle moun tout kote priye; 9vin leve men sen yo, san kòlè ak doute. Menm jan an, mwen vle 10fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè, men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.
Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon.11 12Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men 14fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan 15lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.
Source notes (15)
- Cross-reference Ef 6:18
- Cross-reference Esd 6:10
- Cross-reference Luc 1:47
- Cross-reference I Tim 4:10
- Cross-reference Wo 3:30
- Cross-reference Gal 3:20
- Cross-reference I Tim 6:15
- Cross-reference Ef 3:8
- Cross-reference Sòm 63:4
- Cross-reference I Pi 3:3
- Cross-reference I Kor 14:34
- Cross-reference I Kor 14:34
- Cross-reference Jen 2:7,22
- Cross-reference Jen 3:6,13
- Cross-reference I Tim 1:14
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.