Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Timothée 3

Sa se yon vre pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon 1pastè, se yon bon zèv li dezire fè a. 2Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e 3lib de lanmou lajan. Li dwe yon moun ki 4jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen 5legliz Bondye a?) Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la. Li dwe 6gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak 7pèlen Satan.

Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp 8men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp. 9Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.

Fanm yo dwe menm jan an, dign 10pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.

Dyak yo dwe 11mari a yon sèl fanm, 12bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo. Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo 13resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.

M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan, men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan 14kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.

San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:

Sila ki

Te 15revele nan lachè a,

Te jistifye nan Lespri a

Te wè pa zanj yo,

Te 16pwoklame pami nasyon yo,

Te resevwa kwayans mond lan,

Te leve wo nan laglwa a.

Source notes (16)
  1. Cross-reference Trav 20:28
  2. Cross-reference Tit 3:2-4
  3. Cross-reference I Tim 3:8
  4. Cross-reference Tit 3:12
  5. Cross-reference I Kor 10:32
  6. Cross-reference II Kor 8:21
  7. Cross-reference II Tim 2:26
  8. Cross-reference I Tim 1:5,19
  9. Cross-reference I Tim 5:22
  10. Cross-reference II Tim 3:3
  11. Cross-reference I Tim 3:2
  12. Cross-reference I Tim 3:4
  13. Cross-reference Mat 25:21
  14. Cross-reference Ef 2:21
  15. Cross-reference Jn 1:14
  16. Cross-reference Wo 16:26

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.