Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Timothée 4

Men 1Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin 2make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke 3Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li 4resevwa avèk remèsiman, paske li sanktifye pa mwayen 5pawòl Bondye a ak lapriyè.

Nan montre bagay sa yo a frè yo, nou va yon bon sèvitè a Kris Jésus, e nou va nouri tout tan nan pawòl lafwa ak bon doktrin ke nou 6deja ap swiv yo. Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.

Sou lòt kote, disipline tèt ou 7pou vi sentete a. Paske 8disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou 9lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an. 10

Sa se yon vre Pawòl ki merite aksepte pa tout moun. Paske se pou sa nou travay ak fè efò a. Nou gen tan fikse 11esperans nou sou Bondye vivan an, ki se 12Sovè a tout moun, sitou a kwayan yo. 13

Preskri e enstwi bagay sa yo.

Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit 14lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm 15yon egzanp a sila ki kwè yo.

Jiskaske m vini, bay enpòtans a 16li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.

Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk 17men Ansyen ki te poze sou ou 18yo.

Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun. 19

Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.

Source notes (19)
  1. Cross-reference Jn 16:13
  2. Cross-reference Ef 4:19
  3. Cross-reference Jen 9:3
  4. Cross-reference Wo 14:6
  5. Cross-reference Jen 1:25,31
  6. Cross-reference II Tim 3:10
  7. Cross-reference I Tim 4:8
  8. Cross-reference Kol 2:23
  9. Cross-reference Mat 6:33
  10. Cross-reference I Tim 1:15
  11. Cross-reference II Kor 1:10
  12. Cross-reference I Tim 2:4
  13. Cross-reference I Tim 5:7
  14. Cross-reference Tit 2:7
  15. Cross-reference I Tim 1:14
  16. Cross-reference II Tim 3:15
  17. Cross-reference Trav 6:6
  18. Cross-reference Trav 11:30
  19. Cross-reference Trav 20:28

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.