Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

I Timothée 5

1

Pa bay repwòch ki di a yon granmoun, men, de preferans, rezone ak li tankou yon papa, a jèn mesye yo tankou frè yo, a fanm avanse nan laj yo tankou manman, e jèn fanm yo tankou sè. Ak tout, san tach.

Onore vèv ki 2vrèman vèv yo; men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, 3yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repeye pwòp paran pa yo, paske sa 4akseptab devan zye Bondye. Alò, sila ki vrèman yon vèv, e ki kite sèl la, fikse tout espwa l sou Bondye e kontinye nan siplikasyon ak lapriyè lajounen kon lannwit. Men sila ki 5viv nan plezi a, mouri menm pandan ke li ap viv la. 6Preskri bagay sa yo tou pou yo kapab vin san repwòch. Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li 7gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.

Yon vèv 8dwe mete nan lis la sèlman si li pa gen mwens ke swasant ane, e te madanm a yon sèl moun, avèk repitasyon 9bon zèv, si li te elve timoun, si li te konn 10resevwa etranje byen, si li te lave pye a sen yo, si li te konn ede sila ki nan gwo pwoblèm yo, e si li te devwe tèt li a tout bon zèv.

Men refize mete jèn vèv nan lis la, paske lè yo vin gen 11dezi sansyèl kont Kris la, y ap vle marye. Konsa y ap vin merite kondanasyon paske yo mete sou kote ve ke yo te fè deja a. An menm tan an, yo va aprann vin parese, pandan yo prale de kay an kay. E pa senpleman parese, men osi nan 12fè tripotay ak antre bouch nan zafè a moun, 13nan pale bagay ki pa bon pou pale.

Konsa, mwen vle jèn vèv yo 14marye, fè pitit, okipe kay, pou pa bay lènmi an plas pou repwòch. Paske kèk nan yo 15deja detounen pou swiv Satan.

Si yon fanm ki se yon kwayan 16gen vèv ki depann de li, li dwe asiste yo e legliz la pa dwe pote chaj sa a, pou li kapab asiste sila ki vrèman vèv yo. 17

Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki 18travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo. Paske Lekriti a di: 19“Nou pa dwe mete mizo nan bouch a bèf la pandan l ap moulen sereyal la,” epi: “Ouvriye a dign de salè li.”

Pa resevwa yon akizasyon kont yon ansyen eksepte sou baz a 20de oswa twa temwen.

Sila ki kontinye nan peche yo 21repwoche yo nan prezans a tout moun, pou lòt yo tou kapab pè fè peche. 22Mwen solanèlman chaje ou nan prezans a Bondye, a Kris Jésus e a zanj chwazi Li yo, pou kenbe prensip sa yo san favorize pèsòn, e pa fè anyen nan yon lespri patipri. 23

Pa poze men sou okenn moun twò vit, e konsa vin pataje nan peche a lòt yo. Kenbe tèt ou lib de peche.

Pa bwè dlo sèl ankò, men 24pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.

Peche kèk moun vin toutafè klè, li ale devan yo pou jijman. Pou lòt yo, peche pa yo vini aprè yo.25 Menm jan an tou, zèv ki bon yo toutafè klè, e 26sila ki pa konsa yo, p ap kapab kache.

Source notes (26)
  1. Cross-reference Lev 19:32
  2. Cross-reference Trav 6:1
  3. Cross-reference Ef 6:2
  4. Cross-reference I Tim 2:3
  5. Cross-reference Jc 5:5
  6. Cross-reference I Tim 4:11
  7. Cross-reference II Tim 2:12
  8. Cross-reference I Tim 5:16
  9. Cross-reference Trav 9:36
  10. Cross-reference I Tim 3:2
  11. Cross-reference Rev 18:7
  12. Cross-reference II Tes 3:11
  13. Cross-reference Tit 1:11
  14. Cross-reference I Kor 7:9
  15. Cross-reference I Tim 1:20
  16. Cross-reference I Tim 5:4
  17. Cross-reference Trav 11:30
  18. Cross-reference I Tes 5:12
  19. Cross-reference Det 25:4
  20. Cross-reference Det 17:6
  21. Cross-reference Gal 2:14
  22. Cross-reference Luc 9:26
  23. Cross-reference I Tim 3:10
  24. Cross-reference I Tim 3:8
  25. Cross-reference Rev 14:13
  26. Cross-reference Pwov 10:9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.