Bib Sen An
I Timothée 6
Tout sila ki 1anba jouk esklavaj yo dwe gade pwòp mèt yo kòm moun ki dign de tout onè pou pèsòn pa kapab pale mal kont non a Bondye e ak doktrin nou an. Sila ki gen kwayan kòm mèt yo pa dwe derespekte yo paske yo se 2frè yo, men dwe sèvi yo plis toujou, paske sila ki pataje benefis yo se kwayan e byeneme. Enstwi e preche prensip sa yo.
Si yon moun 3ap enstwi yon lòt doktrin, e pa dakò avèk bon pawòl sen, sila ki soti nan Senyè nou an, Jésus Kri, e avèk doktrin ki konfòm ak sentete a, li se yon moun ògeye e pa konprann anyen, men li gen yon obsesyon pou poze kesyon diskisyon e fè kont pou mo 4ki sòti nan lanvi, konfli, jouman, ak sispèk moun mal, diskisyon san rete antre5moun ak panse konwonpi e san verite, ki 6sipoze ke vi sentete a se yon mwayen pou fè pwofi.
Men vi sentete a vrèman gen 7anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. Paske 8nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
Si nou 9genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan. 10
Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. Paske 11lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan 12vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
Men 13kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès. 14Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo. 15Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te 16temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la, pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska 17aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri. Li va fè rive nan 18tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo. 19Sila sèl ki posede imòtalite a e ki rete nan limyè ke nou pa kapab menm apwoche a; Sila ke pèsòn pa janm wè oubyen pa kab wè a. A Li menm, lonè ak tout pouvwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
Enstwi sila ki 20rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye 21ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan 22bon zèv, pou 23renmen bay, e toujou prèt pou pataje. Konsa, y ap toujou 24ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab 25kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
O Timothée, gade byen 26sa ki konfye a ou menm nan, e 27evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan, ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin 28egare kite lafwa.
Ke lagras avèk nou. Amen.
Source notes (28)
- Cross-reference Ef 6:5
- Cross-reference Gal 3:28
- Cross-reference Tit 1:3
- Cross-reference Trav 18:15
- Cross-reference II Tim 3:8
- Cross-reference II Pi 2:3
- Cross-reference Luc 12:15-21
- Cross-reference Job 1:21
- Cross-reference Pwov 30:8
- Cross-reference Pwov 15:27
- Cross-reference Kol 3:5
- Cross-reference Jc 5:19
- Cross-reference II Tim 2:22
- Cross-reference I Tim 1:18
- Cross-reference I Tim 5:21
- Cross-reference II Kor 9:13
- Cross-reference II Tes 2:8
- Cross-reference I Tim 2:6
- Cross-reference I Tim 1:17
- Cross-reference Mat 12:32
- Cross-reference Trav 14:17
- Cross-reference I Tim 5:10
- Cross-reference Wo 12:18
- Cross-reference Mat 6:20
- Cross-reference I Tim 6:12
- Cross-reference II Tim 1:12,14
- Cross-reference II Tim 2:16
- Cross-reference II Tim 2:18
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.