Bib Sen An
II Timothée 1
Paul 1yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus, a Timothée 2fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an. 3
Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen 4avèk lanvi pou m wè ou 5menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.
Paske mwen sonje 6lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete 7nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou. Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe 8don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.
Paske Bondye pa bannou yon 9lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
Konsa 10pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan 11soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, ki te sove nou e te 12rele nou avèk yon apèl ki sen, 13pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te 14aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la. 15Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo. Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men 16mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a. 17
Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan 18lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a.
Veye byen, selon lespri Sen ki 19demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a.
Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te 20vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.
Ke Senyè a bay mizerikòd a 21lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo; men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen. Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan 22jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.
Source notes (22)
- Cross-reference II Kor 1:1
- Cross-reference I Tim 1:2
- Cross-reference Wo 1:8
- Cross-reference II Tim 4:9,21
- Cross-reference Trav 20:37
- Cross-reference I Tim 1:5
- Cross-reference Trav 16:1
- Cross-reference I Tim 4:14
- Cross-reference Jn 14:27
- Cross-reference Mc 8:38
- Cross-reference II Tim 2:3,9
- Cross-reference Wo 8:28
- Cross-reference Ef 2:9
- Cross-reference I Kor 15:26
- Cross-reference I Tim 2:7
- Cross-reference II Tim 1:8,16
- Cross-reference Tit 1:9
- Cross-reference I Tim 1:14
- Cross-reference Wo 8:9
- Cross-reference II Tim 4:10,16
- Cross-reference II Tim 4:10,16
- Cross-reference I Kor 1:8
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.