Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Timothée 2

Konsa, ou menm, fis mwen an 1se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a. Bagay 2ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo. 3

Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus. Nanpwen sòlda an sèvis ki 4mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.

Osi, si yon moun nan 5konpetisyon nan spò, li p ap genyen pri a amwenske li fè konpetisyon an selon règ yo. 6

Kiltivatè ki travay di a ta dwe premye pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la.

Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.

Sonje Jésus Kri 7leve soti nan lanmò, desandan a David la, selon levanjil mwen an. Pou li menm, mwen 8soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone. Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou 9koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.

“Sa se yon vre pawòl:

Paske 10si nou te mouri avèk Li,

nou va osi viv avèk Li.

Si nou andire,

nou va osi renye avèk Li.

Si nou 11rejte Li,

Li tou va rejte nou.

Si nou pa fidèl 12

Li rete fidèl;

paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”

Fè yo sonje bagay sa yo, e13anchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa 14goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo. Se pou ou dilijan pou 15prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.

Men evite 16pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.

Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, 17Hyménée ak Philète: Moun ki te egare kite verite yo nan di ke 18rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.

Malgre 19fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”

Alò, nan yon gran mezon, pa gen sèlman veso an lò ak lajan, men osi veso an bwa ak kanari. 20Yon pati pou onore e yon pati pou dezonore. Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de 21bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.

Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo 22avèk yon kè ki san tach. Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap 23prodwi konfli.

Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk 24yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou 25si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a 26konesans verite a, pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba 27pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.

Source notes (27)
  1. Cross-reference Ef 6:10
  2. Cross-reference II Tim 1:13
  3. Cross-reference II Tim 1:8
  4. Cross-reference II Pi 2:20
  5. Cross-reference I Kor 9:25
  6. Cross-reference I Kor 9:10
  7. Cross-reference Trav 2:24
  8. Cross-reference II Tim 1:8
  9. Cross-reference Luc 18:7
  10. Cross-reference Wo 6:8
  11. Cross-reference Mat 10:33
  12. Cross-reference Wo 3:3
  13. Cross-reference I Tim 5:21
  14. Cross-reference I Tim 6:4
  15. Cross-reference Wo 6:13
  16. Cross-reference I Tim 6:20
  17. Cross-reference I Tim 1:20
  18. Cross-reference I Kor 15:12
  19. Cross-reference És 28:16
  20. Cross-reference Wo 9:21
  21. Cross-reference II Tim 2:16-18
  22. Cross-reference I Tim 1:5
  23. Cross-reference Tit 3:9
  24. Cross-reference I Tim 3:2
  25. Cross-reference Trav 8:22
  26. Cross-reference I Tim 2:4
  27. Cross-reference I Tim 3:7

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.