Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

II Timothée 3

Men konprann sa, ke 1nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo 2renmen lajan, 3ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 4san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan 5san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; k ap kenbe yon fòm 6sentete, sepandan yo nye pouvwa li.

Evite moun konsa yo. Paske pami yo menm, gen moun ki 7antre nan kay yo e pran an kaptif fanm ki fèb akoz chaj peche yo, e ki mennen pa 8move lanvi de tout kalite, k ap toujou aprann e ki pa janm 9rive a konesans verite a.

Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze a verite a; 10lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.

Men yo p ap fè plis pwogrè, paske 11foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.

Alò, ou te 12swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans 13lanmou, pèseverans 14pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. 15A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m! Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus 16va pèsekite.

Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal 17nan twonpe moun ak vin twonpe.

Sepandan, ou menm 18kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. Depi timoun, ou te konnen 19Lekriti sakre yo, ki kapab 20bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a. 21

Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen 22prepare pou tout bon zèv.

Source notes (22)
  1. Cross-reference I Tim 4:1
  2. Cross-reference Luc 16:14
  3. Cross-reference Wo 1:30
  4. Cross-reference Wo 1:31
  5. Cross-reference I Tim 3:11
  6. Cross-reference I Tim 3:6
  7. Cross-reference Jd 1:4
  8. Cross-reference Tit 3:3
  9. Cross-reference II Tim 2:25
  10. Cross-reference I Tim 6:5
  11. Cross-reference Luc 6:11
  12. Cross-reference I Tim 4:6
  13. Cross-reference I Tim 6:11
  14. Cross-reference II Kor 11:23-27
  15. Cross-reference Wo 15:31
  16. Cross-reference Jn 15:20
  17. Cross-reference Tit 3:3
  18. Cross-reference Tit 1:13
  19. Cross-reference Jn 5:47
  20. Cross-reference Sòm 119:98
  21. Cross-reference Wo 4:23
  22. Cross-reference II Tim 2:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.