Bib Sen An
Kolosyen Yo 2
Paske mwen vle fè nou konnen jan 1lit la gran pou nou menm ansanm ak sila ki Laodicée yo, e menm pou tout sila ki pa t, pèsonèlman, wè figi mwen yo; pou 2kè pa yo kapab ankouraje, akoz ke yo vin trese ansanm nan lanmou an. Se konsa yo atenn tout richès ki sòti nan asirans konplè a bon konprann nan, ki pwodwi kòm rezilta, vre konesans mistè Bondye a, ki se Kris la, Li menm. Nan Li menm kache 3tout trezò sajès ak konesans yo. Mwen di sa pou pèsòn pa twonpe nou avèk 4diskou ki kab sedwi moun. Paske menm si mwen 5absan nan kò a, malgre sa mwen avèk nou nan Lespri a, epi m ap rejwi pou wè bon disiplin ak stabilite lafwa nou nan Kris la.
Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou 6mache nan Li. Menm jan ke nou te byen 7anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.
Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè 8filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris. Paske nan Li menm 9tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik. Epi nan Li menm nou vin 10konplè nèt, paske se Li menm ki chèf an tèt sou tout 11wayòm ak otorite yo. Konsa, nan Li menm 12nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la. Nou te 13antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis 14resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a. Lè nou te 15mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. Konsa Li te anile 16sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. Lè Li te fin 17dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
Konsa, pa kite pèsòn 18aji kòm jij nou konsènan 19manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba. Bagay sila yo se 20lonbraj a sila ki dwe vini an; men vre sibstans lan apatyen a Kris. Pa kite pèsòn kontinye 21prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li, ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm 22tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye. 23
Si nou te mouri avèk Kris a prensip de baz mond yo, poukisa, kòmsi nou t ap viv nan mond lan, nou soumèt nou a kalite dekrè konsa, kòm “Pa manyen, pa goute, pa touche!” (Ki tout fè referans a 24bagay ki fèt pou peri pandan y ap sèvi yo)—an akò avèk 25kòmandman ak enstriksyon a lòm yo? Bagay sa yo ki gen, asireman, aparans a sajès nan 26kwayans relijye ki fèt pou kont li, avèk imilyasyon de li menm, ak move tretman kò a, men ki pa gen okenn valè kont plezi lachè a.
Source notes (26)
- Cross-reference Kol 1:29
- Cross-reference Ef 6:22
- Cross-reference És 11:2
- Cross-reference Wo 16:18
- Cross-reference I Kor 5:3
- Cross-reference Kol 1:10
- Cross-reference Ef 3:17
- Cross-reference Ef 5:6
- Cross-reference II Kor 5:19
- Cross-reference Ef 3:19
- Cross-reference I Kor 15:24
- Cross-reference Wo 2:29
- Cross-reference Wo 6:4
- Cross-reference Ef 2:6
- Cross-reference Ef 2:1
- Cross-reference Ef 2:15
- Cross-reference Ef 4:8
- Cross-reference Wo 14:3
- Cross-reference Mc 7:19
- Cross-reference Eb 8:5
- Cross-reference I Kor 9:24
- Cross-reference Ef 1:23
- Cross-reference Wo 6:2
- Cross-reference I Kor 6:13
- Cross-reference És 29:13
- Cross-reference Kol 2:18
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.