Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Kolosyen Yo 1

Paul, yon apot Jésus Kri 1pa volonte a Bondye, ak Timothée, frè nou an A sen ak frè fidèl an Kris ki te Colosse yo: 2Gras pou nou, ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou an. 3

Nou bay remèsiman a Bondye 4Papa a Senyè nou an, Jésus Kri; pandan nou toujou ap priye pou nou. 5Paske nou te tande de lafwa nou nan Kris Jésus, ansanm ak lanmou ke nou gen pou tout fidèl yo; Akoz de lespwa ki 6rezève pou nou nan syèl la, jan nou te 7tande deja nan pawòl verite Levanjil la, ki te vini a nou menm, jis menm jan nan tou mond lan, k ap bay 8fwi tout tan, e k ap ogmante, menm jan li t ap fèt nan nou menm tou, depi jou nou te 9tande de li a, e te konprann gras Bondye nan verite a; menm jan ke nou te aprann de 10Épaphras, sèvitè-atache, byeneme, parèy a nou an, ki se yon sèvitè fidèl an Kris sou pati pa nou, ki te osi enfòme nou de 11lanmou nou nan Lespri a.

Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a 12nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout 13sajès lespri a ak bon konprann, pou nou kapab 14mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje 15nan eritaj a fidèl yo nan 16Limyè a. Paske Li te delivre nou soti nan 17wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 18Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.

Li se imaj a Bondye envizib la 19premye ne a tout kreyasyon an. Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—20tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. Li 21avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm. Li se osi tèt a 22kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay. Paske se te bon plezi 23Papa a pou tout plenitid Bondye a ta vin rete nan Li, epi selon Li menm, pou 24rekonsilye tout bagay a Li menm, kit bagay ki sou latè yo kit bagay ki nan syèl yo, lè L te fin fè lapè pa 25san lakwa Li a.

Epi menmsi 26otrefwa, nou te etranje, e te lènmi nan jan nou te konn panse, ak angaje nan move zak, men koulye a Li rekonsilye nou nan 27kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li 28sen, san fot e san repwòch— Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen 29etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame 30nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.

Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m 31mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo. Sou legliz sila a mwen te fèt kòm yon sèvitè selon 32jesyon Bondye a, ki te plase sou mwen pou benefis pa nou, pou m ta kapab vin akonpli predikasyon pawòl Bondye a, 33ki se mistè ki te kache depi laj ak jenerasyon pase yo, men ki koulye a, manifeste a fidèl Li yo. A yo menm Bondye te gen volonte pou fè konnen kisa ki se richès laglwa a mistè sila a pami pèp etranje yo, ki se Kris nan nou, esperans laglwa a. Konsa nou pwoklame Li ak 34egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus. Pou rezon sila a osi, mwen 35travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.

Source notes (35)
  1. Cross-reference I Kor 1:1
  2. Cross-reference Wo 1:7
  3. Cross-reference Wo 1:8
  4. Cross-reference Wo 15:6
  5. Cross-reference Ef 1:15
  6. Cross-reference II Tim 4:8
  7. Cross-reference Ef 1:13
  8. Cross-reference Wo 1:13
  9. Cross-reference Ef 4:21
  10. Cross-reference Kol 4:12
  11. Cross-reference Wo 15:30
  12. Cross-reference Ef 1:16
  13. Cross-reference Ef 1:17
  14. Cross-reference Ef 4:1
  15. Cross-reference Trav 20:32
  16. Cross-reference Trav 26:18
  17. Cross-reference Ef 6:12
  18. Cross-reference Wo 3:24
  19. Cross-reference Wo 8:29
  20. Cross-reference Jn 1:3
  21. Cross-reference Jn 1:1
  22. Cross-reference Ef 1:23
  23. Cross-reference Ef 1:5
  24. Cross-reference II Kor 5:18
  25. Cross-reference Ef 2:13
  26. Cross-reference Wo 5:10
  27. Cross-reference Wo 7:4
  28. Cross-reference Ef 1:4
  29. Cross-reference Ef 3:17
  30. Cross-reference Trav 2:5
  31. Cross-reference II Tim 1:8
  32. Cross-reference Ef 3:2
  33. Cross-reference Wo 16:25
  34. Cross-reference I Kor 3:16
  35. Cross-reference I Kor 15:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.